Google

vendredi 13 août 2010

Ayiti: Jèn Aken mobilize pou pwoteje anviwonman an ak fè pwomosyon manje natif natal

[AlterPresse] --- Anviwon 200 jèn fi ak jenn gason, ki soti nan 10 seksyon kominal ak 2 katye nan komin Aken (ki chita nan depatman Sid peyi a) pran angajman pou pwoteje anviwonnman an nan fè sansiblizasyon bò kote popilasyon an epi nan plante pye bwa tout kote yo kapab, nan katye yo ak nan seksyon yo. « AltèPrès » jwenn enfòmasyon sa a nan yon dokiman jèn yo voye bay laprès, kote yo esplike ki rezolisyon yo pran, apre yo te fin pase 3 jou ap brase lide, jou ki te 5, 6 ak 7 dawou 2010 la, nan vil Aken.
Lòt rezolisyon patisipan yo te pran, se pou retounen nan zòn kote yo soti yo, nan katye yo, nan seksyon yo, nan gwoup yo, pou y al rankontre lòt jèn ki nan asosyasyon ak sa ki pa nan asosyasyon, nan lide pou pataje ak yo enfòmasyon, fòmasyon ak diskisyon ki te soti nan fowòm nan.
200 jèn sila yo (fanm ak gason), ki te chita pale nan fowòm nan sou tèm « jenès, angajman, sitwayen ak lidèchip (sètadi kapasite yon moun genyen pou gen enfliyans sou lòt yo) », deside tou pote kole pou kraze baryè mete moun sou kote ak prejije nan zafè moun lavil ak moun andeyò.
Jèn Aken yo vle travay tou pou ranfòse entegrasyon nan mitan tout jèn k ap viv nan peyi a, espesyalman nan komin nan.
Senkyèm rezolisyon yo pran, nan fowòm 5-6-7 dawou 2010 la, se fè pwomosyon pou agrikilti ak pwodui lokal yo, nan kad yon agrikilti peyizàn ki chita sou valè, sou bezwen yo ak sou reyalite yo.
Pou pèmèt rezolisyon sa yo ateri nan seksyon kominal yo ak nan katye yo, Asanble Fowòm Jèn Aken mete kanpe yon komite suivi ki gen ladan yon reprezantan chak seksyon kominal yo ak katye yo.
Yo te fè chita tande sa a sou envitasyon yon òganizasyon ki rele « Haiti Projet Education (HPE) » te fè yo, pou vin diskite sou pwoblèm jèn yo rankontre nan tout peyi a, espesyalman nan Aken.
Komite suivi fowòm 5-6-7 dawou 2010 la nan Aken gen responsablite al travay ansanm ak HPE, pou ateri desizyon ki pran nan mitan jèn yo ak nan mitan popilasyon an an jeneral.
Komite suivi a dwe ranmase pwoblèm jèn yo, epi travay ak jèn yo pou aji sou pwoblèm yo, dapre sa k ekri nan dokiman an.
http://www.alterpresse.org/spip.php?article9827

Aucun commentaire: