Si ayisyen vòlò boulon ki kenbe gwo pon kote pou moun ak machin pase.
Si ayisyen vóló ti panno fosforesan ke yo te mete sou de bó wout de lamitye ke blan franse te fè Peyi-a a kado. Wout ki pèmet moun ale Jakmel
Si ayisyen te konn al vóló woch nan palè sansousi e nan tirès palè 365 pót se pa pano solè ak batri yo pap vóló.
Si Henri Christophe pat bati citadelle, si François Duvalier pat bati ayewopor patap rete tras ke moun rele sivilizasyon lakay pa nou.
Nan listwa kreyasyon you sosyete , nan listwa kreyasyon you pwojè nasyon 212 lane se pa anyen.
Konbyen ane sivilizasyon peyi ewop yo te pran pou yo rive nan pwen kote yo rive jodi-an ? Malgré sa gade tout tray yo pase ou kontinan saa!
Konbyen tan konstrikyon sosyete peyi blan meriken te pran ? Gade jiska prezan pwoblem entegrasyon ak lot ankor Poko janm regle.
You pwojè fè you peyi kote ansyen zesklav te ka leve tèt yo e di ke yo se moun menm jan ak tout moun alos ke zot te di ke se zanmimo nou ye, se pa you ti kal pwoje.
Nou te manke résous ak jaret pou nou te kenbe devan tout lot nasyon ki te la deja yo e ki te semante set fwa swasantdisèt fwa sèt fwa di neg paka lot bagay ke esklav.
Yo fè tout sa yo kapab pou nou te ka echwe.
E nou echwe vre.
Te gen dezoutwa neg ki te fè rèv sa yo rele AYITI a ; yo fè konplo sou do yo. Lenmi andedan ak Lenmi andeyò mare sosis yo ansanm pou you toupizi pwoje saa.
Yo te vle demontre ke ti neg paka fè anyen serye. Ti neg paka fè you kokenn chenn reyalizasyon konsa.
Degren chef ki te pote rev saa sou do yo se te Toussaint Louverture ak Jean Jacques Dessalines. Neg sa yo te wè you limyè ke yo menm sel te wè. Yo te kwè nan you bagay ke pèsonn lot pat kwè.
Nan jounen ki te 17 oktob 1806, you ti kras plis ke 2 rekòt kafe selman apre yo te kreye peyi saa key o rele Ayiti a, fòs fènwa te ranpòte laviktwa sou ti limyè ki te fenk ap eseye klere.
Depi jou saa nou nan fènwa.
Anyen pa fèt kom sa dwa pou reyalize rev saa. Pèsonn pa sou bò rèv saa ankò. Ayiti vinn tounen you savann kote tout moun ap viv you sitiyasyon chen manje chen. Tout moun ap jwe you jwèt lanmó kote tout koukouy klere pou degrenn je pa yo ak je fanmi yo.
Tout ayisyen lage tankou bèt sovaj ap defann teritwa pa yo.
Pèson pa pran angajman pou eksplike ki règ ki dwe aplike pou fè you sosyete mache. Pèson pa pran responsablite pou montre sou ki fos you peyi kanpe.
Jodia nou rive nan leta ke nap viv laa.
You espas kote you paket tinèg ap viv pi mal ke zannimo.
Generasyon pa nou an pa responsab tout sa nap gade jounen jodian. Menm jan ke jenerasyon ki te vini anvan nou yo pa responsab sa ke yo te jwenn nan.
Men nou tout responsab, tout jenerasyon responsab paske yo kite tout bann ak pakèt gwo okazyon pase pou yo korije sa ki te fèt kwochi, sa ki te fèt miwo miba sa ki te fèt ak fos kote.
Nou tout kontinye ap repwodi menm vye aksyon, menm vye konpotman ki bay menm vye rezilta.
Echek PWOJÈ AYITI se echèk tout ayisyen tout kote, se echèk ayisyen tout jenerasyon.
Maladi a nan you stad avanse anpil sou malad la, men ti souf li ap bat toujou. Tout bagay poko pèdi nèt. Li ka chape toujou. Nou nan lane 2016. La syans ak lamedsin mete tèt yo ansanm pou di nou kijan pou nou edel sove.
Fok you doktè ka di de ki maladi li soufri. Fok tout espesyalis mete yo ansanm pou bay bon laswenyay.
Pou you sosyete byen mache, pou you peyi avanse fok chak grenn sitwayen konnen ke li enpotan. Fok li santi ke li ladann tou.
Fók li dakò e konprann ke li ladann e ke li dwe respekte règ jwet la.
Li gen poul fè devwal pandan ke lap ekzèse dwa pal.
Men fomil majik la.
San fós kote, dwa ak devwa dwe mare sosis yo ansanm.
Siw lage you timoun sou you bisiklèt sanl poko aprann monte, li gen poul tonbe e toutan ke li poko aprann monte bisiklèt la li ka fè tèt li ditó, li ka komèt ti dega e li pap janm ale lwen.
Lèl resi fin konn monte bisiklèt la byen, li ka kouri anpil kilomèt sans kè sote. Li ka fè lakilbit. Men sa pap vle di ke li ka monte sou volan you machin poul kondwil tou. Fok li aprann kondwi machinn lan menm jan li te aprann monte bisiklèt la. Sinon lap fè pi gwo dega.
Nou ka di menm bagay la pou you kamyon, pou you tren, you avyon ak you bato kom you avyon oubyen you fize, you peyi.
Paka gen enpwovizasyon nan jere you peyi. You peyi se pa you ti jwèt kote ou ka pèdi epi ou bay boudaw de tap ou ale fè wout ou. Chak move zak ke ou poze nan you peyi se you pakèt reta ou bay peyi-a ak sosyete a.
Toutan ke nou paka chita e reflechi ansanm e korekteman, jenerasyon gen pou vini jenerasyon gen pou ale, men listwa gen pou rekonèt nou tout tankou you seri de moun ki te gen chans pou yo patisipe nan konstrikyon you gwo zèv men nou te kite chans saa pase. Nou pat gen ase entelijans pou nou te fè zèv saa.
Memwa listwa pap janm padone nou pou sa !
Doc Jopi
06/08/2016
Une fenêtre ouverte sur Haïti, le pays qui défie le monde et ses valeurs, anti-nation qui fait de la résistance et pousse les limites de la résilience. Nous incitons au débat conceptualisant Haïti dans une conjoncture mondiale difficile. Haïti, le défi, existe encore malgré tout : choléra, leaders incapables et malhonnêtes, territoires perdus gangstérisés . Pour bien agir il faut mieux comprendre: "Que tout ce qui s'écrit poursuive son chemin, va , va là ou le vent te pousse (Dr Jolivert)