Google
Affichage des articles dont le libellé est DISKOU ARISTIDE. Afficher tous les articles
Affichage des articles dont le libellé est DISKOU ARISTIDE. Afficher tous les articles

jeudi 20 décembre 2007

DISKOU ANSYEN MON PE PREZIDAN JEAN BERTRAND ARISTIDE DEPI PEYI LAFRIK DISID/ TWAZYEM MOSO


- An natandan, nou vanse rive sou janvye. Sitiyasyon an toujou ret malouk malouk.Ki sans nou wè premye janvye 2008 sa a Gen pou nou menm jenès Peyi d Ayiti a ? Ki sa ou menm Jina, ou wè bò kote pa w ?
- Dòk, pou nou menm, premye janvye 2008 sa aPa gen ankenn sans si nou pa ploge l dirèk dirèkNan tèt sous la ki se Premye Janvye 1804 la. Se sèl isit la, isit sou tè d Ayiti, Esklav yo te rive Kale kolon blan yo pwòp, nan kase chenn nan pou Deklare: dezòmè nou tout lib, nou pa esklav ankò. Nan ki lòt peyi omond, Esklav te rive fè sa ? Pa gen lòt. Leson sa a, se sèl Ayiti ki trase l.Tout moun sivilize oblije respekte nou pou sa. Eritaj sa a, se yon trezò istorik pou n konsève. Lè swadizan yon save nan zafè maladi sida Retounen lage vye akizasyon san fondman Sou do tout Ayisyen, sa montre nou kijan Moun ki pa sivilize vle sal ni Pèp Ayisyen, Ni Ayiti, ni Istwa d Ayiti, ni avni Peyi d Ayiti.
Tout moun sou latè beni swaf diyite menm jan Ayisyen nan 10e nan swaf doub nasyonalite a. Se nòmal, se lejitim e anpil sakrifis deja fèt Pou drapo doub nationalite a flote nan diyite. Konsa tou, Pèp Ayisen an deja fè anpil sakrifis Pou retire Peyi a nan kalite twou san fon sa a. Nou tout natif natal, nou gen responsabilite pa n. Nou responsab men se pa nou sèl ki responsab. An natandan nou rive nan reparasyon ak restitisyon,Nou deja gen yon richès istorik ki dwe fè Lonè Respè Tout Pitit tè d Ayiti ak tout Pitit Pitit Manman Lafrik. Moun save ak moun sivilize respekte verite sa a Paske se sèl listwa d Ayiti ki pèmèt lemonn antye Wè kijan pisans diyite a te akouche libète depi 1804. Se la a, nan tèt sous sa a pou n al chèche Ni sans ni esans premye janvye 2008 la. Jan n abitye chante nan Im Nasyonal la : Viktwa sa a, se pa kado blan te fè nou,Se san Zanzèt nou yo ki te koule pou li. Natirèlman, lè zotobre pa ka manje yon manje, Yo fè mannigans sou mannigans pou rive gate l. Gad kijan yo pann ansyen koloni yo nan kòd dèt la ! Jisteman, sou kesyon lajan Ayiti dwe bank etranje yo, Tom Ricker bay kèk bon jan presizyon pou n wè pi klè.
1. Preske mwatye lajan Ayiti dwe bank etranje, Se lajan ki te prete anvan eleksyon 1990 yo. 2. Nan lane 1991, Bank Mondyal te dakò Pou prete Ayiti 37 milyon dola men, Se sèlman 6 jou anvan koudeta 1991 la, Bank la dekese 30 nan 37 milyon sa a. Moun k ap reflechi oblije mande pouki sa Se sèlman 6 grenn jou anvan koudeta a, Bank Mondyal te deside dekese kòb la? Kòm lè sa a, Gouvènman Lavalas la Ta pral depanse kòb la nan enterè Pèp la, Bank lan kenbe l pou l bay poutchis yo Kraze ni Pèp la, ni lajan an ak asosye yo. Demenm, nou byen konprann pouki sa Bank Mondyal te prete gouvènman Jan Klod Divalye a, koute byen wi, 256 milyon plis yon lòt 158 milyon Ki te al jwenn gouvènman militè ke Nouvo kolon yo te mete apati ane 1986.
3. Ann gade kijan yon lòt bank etranje yo rele BID boule ak Peyi d Ayiti. Apre eleksyon 16 desanm 1990 yo, BID te dakò pou prete Peyi d Ayiti Sèlman 12 milyon dola ameriken. Men, se menm BID sa a ki te prete Gouvènman militè yo 110 milyon Anvan eleksyon 16 desanm 90 yo; Plis yon lòt 55 milyon dola meriken Pandan sèl grenn ane 1990 la menm. Rezon an trè klè: yo pito an nafè ak Gouvènman restavèk kap peze souse. Donk, bèl pawòl blòf se pou Pèp la ; E gwo mago lajan se pou volè piyajè.
4. Men yon dènye egzanp: Nan mwa novanm 2003, BID te dakò Pou prete Ayiti 200 milyon dola men, An realite manman kòb la rive sèlman Apre kidnaping 29 Fevriye 2004 la. Rezon an trè klè: Lè se moun serye K ap fè depanse kòb la pou Pèp la, Bank etranje sa yo kenbe lajan an. Lè se volè ki pral dechèpiye kòb la Ak tout asosye yo, pa gen pwòblèm. An bon kreyòl, chodyè a monte sou do Pèp, Li desann sou do gwo gwo konplo koripsyon. E moun ki renmen pale lang Ebre a ta ajoute: א ל ת ת ן ל ח ח ו ל ל ש מ ו ר ע ל ה ש מ נ ת Sa vle di : Ou pa bay chat veye mantèg.
Verite sa yo pike Ti Wil jis nan fon kè l. Li manje dan sou plas. Tout kò l grate l.Olye pou Ti Wil kite kòlè a toufe l, li di :
- Dòk, zotobre yo mechan, men yo fò nan Peze souse pou fè tòtòt ak malere, papa! Lè w ap kritike marengwen, ou oblije admèt Marengwen manyen vyolon l san repwòch. Mòd entèlijans zotobre sa yo fè mwen sonje Yon lòt ti blag, wi yon lòt ti blag dezyèm men .Ou sonje pwofesè ki antèlijan anpil la… ?M vle di pwofèsè k damou pou Lavalas la ! Bon, msye te genyen yon bon bon zanmi Ki kounye a fache avèk li, poutèt Lavalas. Alaverite, sa pa twò twò deranje pwofesè a Ki kontan jwenn plis tan pou ede miltipliye Ti Fanmi Lavalas atravè tout rakwen Peyi a. E, men nan men ak Komite ki Responsab la, Pwòf la di :
- Fòk Fanmi Lavalas toujou loreya Nan mobilize Pèp la pou defann enterè Pèp la. Pasifikman ! Fòk Fanmi Lavalas toujou loreya Nan mobilize Pèp la pou defann enterè Pèp la.Se sa Tousen Louvèti ta di nou e Pòt Pawòl la Te presize: Fòk Fanmi Lavalas toujou loreya Nan mobilize Pèp la pou defann enterè Pèp la.Woy ! Se pawòl sa a menm ansyen zanmi an Te sèmante pou l pat janm tande nan zòrèy li. Sepandan, avan kòm apre fineray zanmitay la, Pwòf la di :
- Fòk Fanmi Lavalas toujou loreya Nan mobilize Pèp la pou defann enterè Pèp la. Ansyen zanmi sa a ki kounye a fache ak pwòf la, Se yon demon-krat patripòch ke yo rele Barabas. Tande ak wè se de. Barabas sa a se malè pandye. Ou ta di se kouzen jèmen ak lòt Barabas kolon romen yo Te libere pandan yon gwoup esklav mantal t ap plede rele : Lage Barabas, krisifye Jezu. Lage Barabas, krisifye Jezu ! Pandan lane 2000, 2001, 2002, Barabas te pote labanyè Nan rasanble vakabon pou monte gwo konplo 2004 la. Lè sa a, dola vèt, lajan dwòg, lajan sal, lajan koripsyon, Lajan chango tap distribiye tribò pabò, anvetu, anvwala Pou gaye manti sou manti, anndan lakay kòm aletranje. Barabas pat fou men li te fin fou pou chavire Peyi a nèt. Jan cheche, jan trouve, Peyi a chavire sou do. Domaj ! Tout moun soufri. Tout moun jwenn. Konsa tou, nou soulaje wè kijan moun entèlijan Eseye reflechi, pran konsyans pou demen pi bèl. Kalvè san parèy sa a oblije tout moun konprann Sèl solisyon ki rete a, se pòt dyalòg la, kidonk Menm pòt dyalòg ki te toujou louvri de batan, Lajounen kou lannwit avan kidnaping 2004 la.Verite sa a devan grenn je Barabas, men li pa wè. Ni li ni asosye l yo bay latinis yo rezon pou di :‘‘Oculos habent et non videbunt.’’Sa vle di : Yo gen je men yo pa wè. Anvan kòm apre ane 2004, Barabas tèlman fin fou Pou chavire Peyi a tèt anba, msye di : Pòt pou pòt, M pito pòt lopital moun fou pase pòt dyalòg sa a. Donk, Barabas al entène tèt li nan lopital moun fou. Avan yè la a, psikyat an chèf la reyini tout moun fou Arebò yon pisin ki vid pou wè konbyen nan yo ki geri. Psikyat la di, nou wè, gade byen, pisin sa a pa gen dlo,Tout moun ki vle benyen ladann, met kostim deben w,Antre, naje, benyen, amize w, fè laplanch kalmeman…O ! O ! sa w tande a, Tout moun te gen tan An kostim de ben, Sof mesye Barabas. Tout moun antre, naje, Benyen, amize, samize. Sof mesye Barabas. Psikyat la gade, li gade byen, li souke tèt li, li di :Kou ou baba! Omwen, m sove youn. Barabas geri.
Psikyat la mache sou Barabas, li ba l lanmen, e di l: Bravo ! Bravo ! Jodia menm, m pra l ba w ekzeyat Paske se ou sèl ki te wè pisin nan vid. Felisitasyon! Se ou sèl ki konnen moun pa benyen nan pisin vid !Eeee ! Barabas fache ! Li move ! Li di Psikyat la : Gade w koze ! Rete, rete ! Pouki ou pran m la a ? Ou gen lè pran m pou you moun fou tout bon ?Dòk, kite m di w : Si m te fè sòt mwen pou m antre Nan gwosè pisin vid saa, m tap tou mouri nwaye wi !M pa konn naje ! M pakonn naje ! Donk ou tou wè ! M pa ta ka antre nan yon pisin ki deja tou vid, vid ! E apre, sa k tap pase? M tap tou mouri tou nwaye! Pandan doktè Love ap ri, ri, Ti Wil di li :A a, m konnen ou tap renmen ti blag sa a.Ou wè sa ki rive yon lòt doktè parèy ou !Bon, bon, kounye a, dòk, ou fin ri kont ou,An nou fèmen chapit blag dèzyèm men an Pou n louvri yon chapit ki chaje ak leson. Dabò, men yon premye leson m tire Konsènan sante psikolojik Pèp la: Mizè fè Pèp la anvi pati, Men, Mizè pa fè tèt Pèp la pati. M ap repete :Mizè fè Pèp la anvi pati, Men,Mizè pa fè tèt Pèp la pati. Lè pisin nan vid, a wi, li konnen. Lè pisin monntana a chaje ak dlo, Pèp la plonje ladann ak tout rad li Pou chèche bilten vòt li pasifikman. Malerezman, rad mouye sa a poko janm ka seche Paske solèy espwa a pa leve pou Pèp Ayisyen an. Dayè plis nèg engra kontinye chaje pisin espwa a Ak klowòs trayizon, se plis dezespwa pra l devore Tout ti branch fil pasyans ki koud rad mouye sa a. Dezyèm leson !Tout mouye se mouye men, tout mouye pa menm. Rad Pèp la toujou mouye anba kout ponya trayizon, Men rad poutchis yo toujou mouye ak siwo pouvwa a. Ki yès ki moulen kann nan ? Viktim yo ak Inosan yo. Ki yès kap bwè siwo a ? Bouwo yo ak tout asosye yo.Ki yès ki moulen kann nan ? Pèp la. Toujou Pèp la.Ki yès kap bwè siwo a ? Yo, toujou yo… sòf Pèp la. Se pou sa menm ti branch fil pasyans ki koud rad mouye a Menm gwosè ak yon fil arenye ou ak branch cheve yon Pèp Ki refize kontinye bay pouvwa san patisipe nan pouvwa a. Twazyèm leson !A ! A ! Sèt fwa si, Ti Wil pap gen tan pataje Yon lòt leson moral, psikolojik ou filozofik Paske gen yon moun k ap frape nan pòt la!Sipriz ! Bèl sipriz ! Mis Dada k ap frape nan pòt la ! San tade yon segonn, dòk la ouvri pòt la pou mis Dada.Ki yès ki kanpe byen bwòdè bò kote mis la ? Devine ?Bènadèt ki te gen tan leve, benyen, penyen, poudre, abiye. Se pa ti kontan 3 sè ak frè sa yo te kontan retwouve yo Tèt kole, kè louvri, youn nan bra lòt, youn plòtonnen ak lòt. Dòktè Love avèk mis Dada kontan admire bèl tablo sa a !Ak anpil limyè sou vizaj li, Jina remèsye dòk la ak mis Dada,E touswit, li envite Bènadèt di de ti mo rekonans anvan yale. Yo tou lè 3 te kanpe tou pre pòt la. Mis Dada pwoche ak yon chèz,Li pase men nan kou Bènadèt, Li di :
- Fè yon ti chita, pitit mwen !E, Bènadèt reponn :
- Mèsi mis Dada !Avèk anpil konsantrasyon nan lespri l,Li branche antèn li sou Tousen Louvèti. Konsa, Bènadèt chaje batri sèvo l, e l di :
- M tèlman kontan, m pa konn kijan pou m Remèsye ni Doktè Love, ni ou Mis Dada, Jina, Ti Wil, anfen tout moun ki te ede m Travèse moman difisil sa a, nan lopital la.Talè a, lè Mis Dada t ap eksplike m Kijan m antre nan lopital la, a ki lè,Ki sa k te pase, kijan m te fatige, M santi se yon bon bon manman Ki t ap dyaloge epi koze ak pitit fi l. M di w mèsi anpil, anpil, mis Dada. Bon Dye va renmèt ou sa pou nou. Pandan m ap lonmen non Bon Dye la, M sonje yon bon ti rèv m te fè talè a. M reve m tap lapriyè pou Lovenski epi,M wè li vi n wè m lopital la ak Ti Wil. Kou m reveye, mwen wè rèv sa a Gen moso ki vrè, gen moso ki fo.Sa vle di, se vre se lopital m ye la a ,Men se fo, Lovenski poko retounen. Antouka, m swete menm jan Nou tout kanpe avè m jodia, N ap toujou ka fè solidarite Pou n rive jwenn Lovenski. Mwen sèten tou Jeni nou an, Tousen Louvèti, Ap ba nou limyè, entèlijans ak anpil kouraj Pou n rive fè solidarite ak tout lòt viktim yo,Tout viktim san distenksyon, tout viktim ki nan Tout seksyon kominal kòm nan tout katye popilè Okap, Okay, Jeremi, Pòdepè, Fò Libète, Gonayiv,Ench, Jakmèl, Miragwan, Sen Mak, Tigwav, Site Solèy, Lasalin, Bèlè, Solino, Matisan, Gran Ravin, Kafou, Taba, Laplenn, Delma, Petyonvil, Kenskòf, kòm nan Pòtoprens Enfen, tout viktim bò isit kòm lòt bò dlo. Depi Tousen Louvèti te jèn ti gason, Jis li viktim konplo trayizon 1802 a, Li te toujou ap goumen pou defann Libète tout moun… Nwa kòm Blan.
Gwo risk Tousen Louvèti te pran Pou Bayon de Libertat montre klè Li pat mele ni ak trèt, ni ak engra. Nou menm tou, elèv lise Tousen, Nou vle swiv bèl egzanp Jeni an. Depi n tande moun ki engra kontinye di : ‘‘La reconnaissance est une lâcheté ;’’Nou menm, elèv lise Tousen, nap reponn : La reconnaissance est la mémoire du cœur. Se fòs edikasyon sa a menm ki fè chak 15 Jiyè, Nou bat tanbou rekonesans la byen byen fò Pou l rezonnen ni nan zòrèy Manman Lafrik,Ni nan zòrèy lòt Gran Frè ki nan peyi Zansèt yo.Nou wè kiyès m vle di wi.. Li menm !Kiyès ankò ? Li menm ak Minouch…M sèten si yo te isit, yo tap avè n la a. An natandan nou wè yo fasafas isit sou tè d Ayiti, N ap debouche menm pafen rekonans ak renmen Gran Frè a abitye debouche nan chak finisman ane Pou anbrase n fràtènèlman e swete nou Bòn Ane !Mwaka Mpya, dòk! Sa vle di nan lang Swahili :Bòn Ane, dòk! Mwaka Mpya, Mis Dada !Bòn Ane, mis Dada ! Ninakupenda, Mis Dada. Sa vle di : M renmen w, Mis Dada. Ninakupenda, Jina. M renmen w, Jina. Ninakupenda, Ti Wil .M renmen w, Ti Wil. Ninakupenda sana, Ayiti ! M renmen w anpil, Ayiti ! Ninakupenda sana ! M damou nèt pou ou ! Ou ban m lavi, m ba w lavi m Pou move lavi pa fè moun di :Ou se yon manman ki genyen 2 tete: youn dous, youn anmè.Ninakupenda sana.M damou nèt pou ou.Mèm Amou. Mèm Amou. Mèm Amou.Pretoria, Desanm 2007

DISKOU ANSYEN MON PE PREZIDAN JEAN BERTRAND ARISTIDE DEPI PEYI LAFRIK DISID DEZYEM MOSO

Nou pral eseye fè radyografi sitiyasyon an. E, touswit, li travèse nan sal kote Jina ye a. Li debake rilakseman e kreyòleman palan.
- Bonswa ! Bonswa ! Kouman nou ye ! M sipoze nou dwe bouke, sa w di Jina ?
- Wi, dòk, se vre, men nou sitou enkyè pou malad la.
- Wi, wi, m konprann nou. Se nòmal pou n enkyè. Erezman, m ka di nou malad la evolye trè trè byen. Sèl sa l bezwen pou kounye a se repo ak sewòm. Si te gen yon konplikasyon, wi, m tap deja konn sa. Antretan, kòm ni li menm, ni nou, ni nmwen menm, Nou youn pa ka fè won pòt, n oblije pran pasyans. E, deplis, m ta byen renmen nou ede m konprann Sitiyasyon sa a anndan Site Solèy jounen jodi a. Natirèlman, si sa pa deranje n ! Petèt sa ka difisil !M espere nou pap gen pwoblèm ede m konprann Sitiyasyon makawon sa a ki sanble kaye toupatou. Jina, ou menm kijan w wè Site a ? Sa w di nan sa ?
- -Dòk, alaverite, jodia, se premye jou nou pale fasafas, Men trè souvan, bò isit la, n abitye pale de ou aklè. Nou pa ka di nou konnen w byen, men pèsonèlman, M pa sezi ni pou bèl akèy la, ni pou kesyon w poze a. Jan m di w, n ap swiv ou e n ap obsève w depi lontan. Pèmèt mwen prezante w jèn jan ou wè la a : Se frè m Wilne, alyas Ti Wil pou Site Solèy. Menm jan avè m, Ti Wil se manm fondatè Yon Oganizasyon djanm ki rele Mèm Amou. Oganizasyon Mèm Amou nan tout Peyi a, Men se isit la nou te chwazi koupe lonbrik li Nan non Jeni an, kidonk Tousen Louvèti e Jou sa a Lovenski Pierre Antoine te la avè n. Oganizasyon Mèm Amou pap dòmi. Nou toujou ap reflechi sou avni Ayiti. Sakrifis Tousen Louvèti fè pou Ayiti Montre nou kijan wout amou sensè a Toujou debouche sou yon gwo viktwa. Nou jwenn filozofi sa a tou nan Yon bèl ti pwovèb laten ki di: Omnia vincit amor ; sa vle di L'amour triomphe de tout. Lanmou toujou fè 2 kabès. Lanmou toujou ap kente. Lanmou toujou soti loreya. Lanmou toujou chanpyon. Pandan n ap pale la a, kounye a menm,Plizyè manm Oganizasyon an ap obsève,Analize, veye sou tout katye bò lakay yo. E si deyò a pat myèl, t ap gen plis jèn la a, E yo t ap vrèman kontan pou dyaloge avè w. Ann tounen sou kesyon sitiyason malouk sa a.
Dòk, pou nou menm, tout sa k ap fèt la aS e vye rezilta gwo gwo konplo 2004 la.Jou fèy tonbe nan dlo, se pa jou a li pouri. Kidnapig lan fèt jou 29 Fevriye 2004 la, Men konsekans yo ap parèt chak jou pi klè.S i Peyi a pa fè 50 ane an naryè, se chans! Dènye kou Pèp la pran an, se kout ponya trayizon Ki plante nan do l depi dènye seleksyon 2006 yo. Pèp la sibi operasyon sou operasyon san anestezi. Operasyon Retou imedya a, se manman kesyon an. Donk, ponya trayizon sa a pike Pèp la jis nan kè l. Plan an se demantibile Pèp la, dekouraje l, elimine l. Nan vide manti, yo fè inosan toujou pase pou koupab. E deplizanpli, yo pra l kontinye dyabolize viktim yo Pandan yap bay koupab yo kominyon san konfesyon. Menm si viktim yo ap mande jistis, jistis, jistis, se rèv. Plis pase 10.000 inosan deja tonbe, san nou pa konte Moun ki disparèt sou fòm kidnapig tankou Lovenski. Prizonye politik ki Lavalas toujou ap pouri nan prizon. Pèsekisyon politik kont Lavalas ap fèt o non demokrasi. Tout bouwo ki fè krim koudeta ap byen mennen libelibè. Men viktim yo anba pèsekisyon paske yo pa trayi Pèp la. Jou apre jou, mizè a ap malmennen viktim yo pi plis. Gade kijan dife grangou a vin pi pi wouj nan lanfè a! Kote 184 paradi terès ki tap vann 2 pou 5 nan Peyi a? Si lè sa a n te kite yo andòmi konsyans nou ak manti, Jodi a, remò ak kòlè ta deja toufe nou tout bò isit la. Nou konprann jwèt makyavelik la e se pou sa nou di : Rat manje kann nan, men domaj, zandolit mouri inosan. Gade jan pitit Pèp la kontinye ap sibi anba gwo vyolans Zam lagè malgre bonm lanmò yo te deja lage sou Site a!
Dòk, ou kwè ou realize jan prejije Fè kèk moun rayi Pèp Ayisyen an ? Yo rayi Pèp la jis tèt yo anvi pati ! Yo rayi Pèp la jis lòlòy yo vire ! A ! Se pa ti vire, vire an jwèt non ! Se bon vire a, vire pou chavire a ! Yo fin fou pou elimine Pèp la nèt. Malgre gen moun ki mòde ni pous yo, ni bra, ni koud, Gen lòt ki fè kòm si yo pa wè ke yo te fè yon erè grav. Jiskaprezan, ti ekip zwit sa a ta ka peye lò ak dyaman Pou cha blende disparèt Site Solèy ak tout katye popilè: Donk, mas pèp la menm ke yo pa konsidere kòm moun. Poutan, Pèp la tèlman bon li tounen bonbon. Entèlijans li fè l respekte dwa tout moun, Pòv kou rich paske tout moun se moun. Nan jaden lespri l, li pa vide angrè prejije. Afè maladi prejije sa a anpeche moun realizeKijan kolon renmen kache dèyè esklav mantal Pou mare chenn lesklavaj nan pye nèg ak nègès. Plezi kolon an se itilize esklav mantal kòrekteman E fè l tounen rat kay kap manje pay kay. Egzanp : An 1939, nan peyi Nijerya ki an Afrik, Se te sèlman 1315 kolon blan Angle Ki t ap domine 20 milyon Nijeryen. Nan Kongo Bèlj, sèlman 2384 kolon blan T ap domine 9 milyon 400 mil Afriken. Nan Lwès Afrik, sèlman 3660 kolon franse T ap domine 15 milyon Esklav Afriken. Donk, yon ti ponyen kolon blan te ka domine Yon majorite natif natal nan peyi Afrik sa yo Paske kolon yo te toujou monte gwo konplo Ak gwo tonton rat kay pou manje pay kay.
Bò isit tou, anvan n rive nan premye janvye 1804, Sitiyasyon Peyi d Ayiti pat twò diferan. Gade byen! Te gen sèlman 40 mil kolon franse ki tap domine 500 mil Esklav plis 30 mil milat imilye, meprize. Kòm Tousen Louvèti se te yon Jeni san parèy, Li reziste djanm kont ni kolon ni esklav mantal Pou kòd lonbrik li te ret mare ak mas Esklav yo.Ki kalkil Tousen Louvèti te fè kòm nèg entèlijan? Li di se pa nòmal pou kite sèlman 40 mil kolon Ap sakrifye, sasinen 530 mil kretyen vivan. Non ! Sekrè viktwa a se Lavalas, kidonk L’Union fait la force.
Dènye fraz sa a tèlman mache nan san dòk la, ayayay,Msye leve kanpe brip, li di : Jina, tann, tanpri, repete !Sekrè viktwa a se Lavalas, kidonk L’Union fait la force. Sekrè viktwa a se Lavalas, kidonk L’Union fait la force. Mezanmi, dòk la kontan, li souri, li rejwi, li transfòme ! Ou ta di se lwa Tousen an menm k anvi monte msye. Sètadi, menm lespri entèlijans, lespri bon konprann Ki te konn danse nan tèt Tousen yo anvayi sèvo dòk la. Ak 2 men l nan 2 pòch li, doktè Love kontinye repete : Sekrè viktwa a se Lavalas, kidonk L’Union fait la force. Menm kote a, Jina souri tankou moun k anvi dedouble.Ti Wil, frè a, kapte kouran an toptop; li mande lapawòl. Men, Jina ezite kite l pale paske Ti Wil se yon gwo blagè. Depi msye estat, li louvri bouch li, fòk moun ri kanmenm. A a ! A ! Ti Wil pa ka kenbe ankò, li di:
- Sistè, eskize m ! M pat sou pale paske M konnen se nan yon lopital nou ye la a.Ou wè, dòk, lè m pa sou sa, M gen dwa prann pòz m bèbè, M antre la a bèbè, m soti bèbè,San m pa mete ni zip, ni tep Ni adezif sou po bouch mwen. Men, m sot tande yon son la a Ki estat motè a san m pa chofe l. Depi m ti katkat m renmen ri e m renmen fè moun ri. Dabò se kote ki gen chagren menm, m renmen bay blag. Daprè sondaj pa m, dòk, si m pat vide blag nan Site a, Ou tap chaje ak malad ki bouke tande rafal bal sa yo.Gen kriminèl ki fò nan chire zòrey ak kout kanno lagè. Mwen m diplome nan grese zorèy ak plim poul blagoloji. Blag pa m yo espesyal paske tout se ti blag dezyèm men. M ranje, m korije, met sik, siwo, bon jan ti epis, sof piman. Pa egzanp, talè a, lè sistè a pale De entèlijans Tousen Louvèti, Sa raple m entèlijans yon ansyen Poutchis ke m renmen a mò ò ò. An 2004, te gen yon pwofesè poutchis Ki te pi cho pase leve danse nan fè konplo. Tout elèv te rele l p.p kidonk pwòf poutchis. Mwa pase a, msye bay Lavalas rezon. Pwofesè a di ni elèv li yo, ni zanmi l ke: Sitiyasyon malouk sa a louvri je l anpil,Se kounye a li wè ki mal li te fè Peyi a. Bagay sa a tèlman domine l, boulvèse l, trakase l,Pwofesè a oblije chwazi bay tèt li yon penitans. Kòm li te renmen bwè kleren anpil anpil, li di Dezòmè, olye li bwè kleren, l ap bwè limonad. Selman limonad. Menm sant kleren an pa ladan l. Elèv yo aplodi pwofesè a lavalaseman, Men, gen twa vagabon nan klas laKi di ok : olye n rele pwòf la poutchis, Ann rele l Limonad, sèlman Limonad. Sa w tande a, pandan gwo aplodisman ap bouyi, Trio vakabon an tonbe rele Limonad, Limonad…Tout klas la fache kont ti ekip ka p rele limonad la.Yo di : Non mesye, se pa serye sa ; manyè reflechi ! Gras a limyè entèlijans pwòfesè nou an, Nou gen la a yon bèl egzanp pou Peyi a. Lè bouki fin fè erè, li bonbe lestomak li E li pèsiste anfonse de je fèmen nan erè a. Lè malis fè erè, entèlijans li fè l reflechi pou di : Errare humanum est, sed perseverare diabolicum. Sa vle di, nenpòt ki moun kapab fè yon erè. Men, pèsistans nan erè a se yon bagay diabolik. E, se demonstrasyon entèlijans sa a menm Nou jwenn nan konpòtman pwofesè nou an. Bravo pou li ! Aplodi ! Aplodisman pou li ! Twa ti msye anbetan yo kalma, e yo aplodi San yo pa kontinye rele pwofesè a Limonad. Sepandan, klòch la annik sonnen beng beng pou lekòl lage, Youn nan twa ti mesye anbetan yo di byen fò: sitwon !Gen yon dezyèm ki di : sik ! Twazèm nan di byen fò: dlo! E Pwofese a kale je l sou yo, li di: A a ! M pini nou brase l. Nou ka di sitwon, sik, dlo men kanta pou brase l la, bliye sa! Babay! Babay! A demen! Aplodisman bouyi, djayi pi rèd! Kou Ti Wil fi n pouse ti blag dezyèm men sa a, Li di: Dòk, men yon gwo gwo leson m jwenn Nan repons pwofesè a bay twa ti mesye yo. Pou mwen, sa a se yon gwo leson entèlijans Ki ploge nan yon leson moral! Men sa m wè : Moun ki kriminèl pa ka brase yon ti limonad espwa Ale wè, ale wè pou yon bon jan soup demokrasi. Yo fann Ayiti tankou joumou pou fè soup. Malgre tout kadav inosan yo deja lage Kòm vyan nan mòd soup demokrasi a,Malgre se pwòp san Pèp Ayisyen an menm Mechan yo chwazi kòm dlo pou fè soup sa a, Li enposib pou yo brase l kòm solisyon an. Demokrasi pa mache ak kalite vyolans sa yo. Sa Site Solèy ak Pèp Ayisyen an egzije,Se lapè, travay, jistis, respè ak sekirite Pou tout tout moun san distenksyon. Sa w di nan sa, dòk ?
- Monchè Ti Wil, ou pale dò ò ò.Jan ou di a, si gen lapè, travay,Respè ak sekirite, nou bon nèt.

(A SUIVRE)