Google

jeudi 19 juillet 2007

Premye minis Alexis anonse mobilizasyon san limit kont machann dwòg yo

Guy Philippe toujou nan mawon ; 3 mesye ki gen akizasyon dilè dwòg sou do yo transfere nan prizon Ozetazini
mercredi 18 juillet 2007,
Radio Kiskeya
Premye minis ayisyen an, Jacques-Edouard Alexis, deklare mèkredi nan vil Jakmèl (Sidès) Ayiti ak patnè l yo antre nan yon kanpay entènasyonal kont machann dwòg yo ki p ap kanpe nan wout.
"Kèlkilanswa moun ki nan dwòg la, nan kèlkeswa kan li ye a, nou ap atake l", se konsa chèf gouvèlman an pale nan moman li t ap reponn kesyon yon gwoup jounalis sou operasyon ajans kont dwòg Etazini an ak biwo kont trafik dwòg Ayiti a (BLTS) te mennen lendi pou eseye arete ansyen kandida alaprezidans Guy Philippe, lakay li nan Bèjo, toupre vil Okay (a yon distans 196 kilomèt nan sid Pòtoprens).
Mesye Alexis presize PNH te bò kote DEA pandan desann delye sa a alòske, sou bò pa l, pòtpawòl Polis Nasyonal la, komisè Frantz Lerebours, pat kapab bay ankenn enfòmasyon sou sa lè laprès t ap pozel kesyon mèkredi.
Premye minis la ajoute, jan Prezidan Préval te di l la, Ayiti pa gen fòs pou l antre nan batay kont flewo dwòg la pou kont li. Se tou nòmal pou l chache bourad nan men Etazini paske yon pote kole nesesè ant peyi ki pwodui, peyi ki achte ak peyi ki ride transpòte dwòg yo.
Jiskaprezan, pèsonn pa gen nouvèl Guy Philippe, ansyen chèf rebèl ki te pran lèzam kont Jean-Bertrand Aristide yo an 2004, ansyen militè ak komisè polis epi alatèt Fwon rekonstriksyon nasyonal (FRN).
Pandan operasyon ap dewoule sou teren an, DEA transpòte depi madi nan prizon Miyami 3 moun ki gen akizasyon machann dwòg sou do yo. Se ansyen lyetnan Lame Dayiti, Raynald Saint-Pierre, lapolis te arete depi 11 novanm 2006 ; biznismann Lavaud François, pwopriyetè antrepriz Chachou yo, BLTS ak DEA te fouke lendi nan Gonayiv (a yon distans 171 kilomèt nan nò kapital la) ak Bernard Piquion alyas "Fizi Bwa". PNH te arete l 31 me ansanm ak yon dizèn lòt dilè ladan yo 3 polis ak 2 kolonbyen ki t ap transpòte nan machin yo 420 kilo kokayin ki vo plis pase 8 milyonn dola youwès. spp/RK

Aucun commentaire: