Google

vendredi 14 décembre 2018

LE MUR DE L'OUBLI...Nou pa fè silans!

LE MUR DE L'OUBLI:
Se pa you pwezi ni you " envolée lyrique", se you refkeksyon ke map fè sou fasilite nou genyen pou nou bliye you seri de pwoblèm grav kap fè peyi-a ak sosyete nou an mache kanbral.
Nan sans saa li posib pou chak sektè nan sosyete a ta ranmase moso responsablite pal. An nou pran ejzanp dosye ke nou ka ranje nan sa yo rele koripsyon an. You gwoup oubyen you moun denonse you ka, apre ou tande you moun nan sistèm jistis fè you jès, swa li voye you manda pou moun lan vin prezantel devanl. Bagay la tounen aktyalite sou tout rezo yo. Epi jou pase, ou pa janm tande pale de sa ankò. Jounalis ki ta dwe oryante opinyon pito lage nan fè entèvyou ak bandi ke lapolis ap chèche. Se pigwo scoop yo sa. Premye ka vin pase anba you lòt ka pu grav ke premye a , e menm ka saa ap jwenn menm tretman. Konsa sosyete nou an vin bay enpinite jarèt et koripsyon pouse nan tout jaden kòm move zèb ki anpeche peyi a avanse.
Jenerasyon kap monte jodian, sa yo ki sèmante ke pa gen okenn moun ni okenn sistèm ki pral kase fèy kouvri dosye Petwo Caribe yo, fèt pou konnen ke angajman yo se sèl mwayen pou kwape gangrenn ki anpeche lavi boujonnen sou tè papa Dessalines lan. Fòk yo mennen batay saa jiskaske yo derasinen nan kalbas tèt ayisyen ke vòlò paka tounen jwèt timoun ni komedi pou dan ri.
Men kèk dosye moun bliye e ke nou dwe mande otorite yo dekiprevyen :
- Vyolans ak maspinay merès Taba
- Dosye nèg ki nan anbasad Ayiti nan peyi panyòl, ki tap vann fo paspò ayisyen pou moun ale Chili
- Dosye kit skolè yo
- Dosye palmantè kap ede bandi chape poul yo nan machin ofisyèl
- Dosye masak Lasalin lan
- Dosye manifestan ki mouri ak bal nan tèt yo
- Dosye palmantè kap touche lajan charyo ayewopò yo
- Dosye lajan Dermalog la
- Dosye lajan Petwokaribe a.
Lis la pi long ke sa e li manke anpil lòt dosye poul ta vin konplè

Aucun commentaire: