Google

dimanche 16 novembre 2008

CARIMI METE DIFE NAN FLORIDA PALACA MASEY

Mezanmi, tande ak wè se de.
Nan nwit samdi pou louvri dimanch ki te 8 novanm nan lane 2008 la te gen you kokenn chenn fèt nan vil masèy. Ban ti jennonm yo ki jwe mizik konpa nan gwoup yo rele CARIMI An te anime you fèt manch long devan you piblik moun de byen, nan salon Florida Palace ki te plen ak rabo, kote pat gen plas pou pike you zepeng.

BAZE CREOLE, asosyasyon ki te oganize fèt sila te koumanse tranble depi kek jou anvan paske moun tap rele tribo babo pou te rezève plas pa yo. Te gen moun ki te achte gato pou yo vi-n selebre anivèsè. Gen menanj ki te achte bag ki te pare pou vi-n fè la demand pandan ke yo tap doudous ko yo nan “por favor” ou “banm pèmisyon pou mwen nan vi-w”. TE gen plis ke senksan moun ki te rele kite mande pou yo kite plas pa yo pou yo.
Poutan listwa te mal koumanse. Daprè sa ki ap pale nan mitan moun ki pwoch oganizasyon sware, manadjè CARIMI an ki te gen pou menen 12 moun, vini ak katoz. Te manke mlachinn pou pran gwoup la nan stasyon tren an menen yo al manje. Lè yo te menen neg yo al manje kay you moun ki nan ekip oganizasyon an gen mizisyen CARIMI yo ki te babye. Gen you seri de bagay moun ki rete ozetazini pa konnen. Manje you moun fè lakay l iba-w manje pi bon anpil pase manje ke yap kwit nan restoran. Se pa fot neg CARIMI yo sinon se ti mantalite neg lakay yo ki dèyè tèt yo.
An nou pase sou ti lenkonvenyan move enkonpreyansyon sa yo. Mizisyen CARIMI retounen nan lotèl yo aprè ke yop te finn kalibre lenstriman yo. Se te machinn prive selman ki te menen neg yo ale.
Pandan neg yo tap domi nan chanm lotel yo, moun te koumanse ap rantre en mas nan sal fèt la.
Oganizasyon fèt la te gen gwo pwoblè-m. Met sal pat vle bay bon jan chèz ak bonjan tab pou moun te ka chita. Sou 52 tab ke yo te pwomèt pou bay, BAZE CREOLE te resevwa selman 27 tab. Moun pat sispan-n rantre.
JEn ti fi ak minijip anba dèyè yo. Moun ak kek ti laj sou tet yo, tout jenerasyon te reponn prezan pou yo te vi-n Tcha-Tcha nan CARIMI. Bwat gato tap rantre. Sal la te plen koule ba. Moun tap fè liy devan pot florida Palace pou yo rantre.
Gen kek tan ke nap swiv fèt ke bon gwoup konpa yo ap anime nan vil sila. Nou gentan wè Tabou, Skah Shah, T-Vice, Zenglen, Djakout, Original H, Steel Groove, men se premye fwa ke nou te wè you bagay konsa. Poko janm gen youn nan gwoup sa yo ki te janm rale tout popilas saa deyè yo.
Se vre ke jounen jodi-a mizik KONPA gen anpil fanatik nan vil Masèy. Sa se gras a tou-t moun kap oganize siye pye preske chak swa ki mete mizik ayiti Toma pou tout moun danse. NAn tan lontan nan kek diskotèk sete pens ak pikwa pou moun te tande you ti moso KONPA. E lè yo te resi mete youn sete mizik Tabou Combo nan lot ritm ki pat janmen bon KONPA malouk la. Jounen jodi-a nan tout fèt , nan tout sware antiyè disjokey yo pa pè anchene zouk ak konpa tankou mizik marasa.
Moun ki vin jwe mizik masèy toujou panse ke fok you koumanse jwe a minwi. Se sak fè ke neg yo te domi jiska preske onzè diswa.
Sal te plen koule ba. Moun ki te rezève tab pa jwenn tab. Moun ki te vi-n pou yo manje pat ko ka jwenn manje. Diri a pot ko rive. Tout moun te “COOL” pat gen lese frape. Pat gen goumen.Pat gen dezod. Sete moun serye selman ki te nan bal la. Tout moun te fokis sou CARIMI. Se li yo te vi-n wè e se li yo tap tann. Sa pat fè anyen si yo te kanpe. Sa pat fè anyen si yo tap manje ak asyèt diri-a nan men yo. Yo tap tan djaz la CA-RI-MI.
A minwi jenom yo monte sou sè-n lan. Tout moun tap tan yo. Yo tout te la. Doktè Jolivè te prezantatè sware-a. Li koumanse nan bon fransè tilititi mande eskiz pou enkonvenyan ki deranje tout moun. Li te di ke « BAZE CREOLE et CARIMI, victimes de leurs succès » poul jistifye dezagreman ki te vye gate fèt la…Ils sont jeunes, ils sont beaux, ils sont célibataires, mesdames faites vos jeux, avec vous et pour vous CA-RI-MI.
Li tè lè li te tan pou bal la te koumanse. Depi moman saa jiska senkè di maten neg yo mete anbyans ak you enèji ki te kontamine tout moun.
Neg yo entèprete tout pi gwo siksè yo pou you piblik medusé ki tap reponn kinalaganach a envitasyon yo.
Sal la te cho. Bivèt la te chaje. Menm foto pat ka fèt. Te manke plas ak mwayen pou deplase.
Swa rea te reyisi net al kole.
San bri san kont neg yo te byenjwe.San leskonbrit Piblik la te enjoy prestasyon yo. Medam yo te aplodi chak fwa ke gitaris la ak basis la te pase douvan pou yo voye bon yayad monte.
Piblik la pase tou bal la ak de men yo anlè. Ap gaye pay, ap voye konpa monte ak de men yo.
Anpil moun te pwofite pou yo doudous ko yo kole sere. Moun te love , moun te amoure.
BAZE CREOLE te satisfè paske bagay yo te fini miyo ke jan yo te koumanse.
Piblik Masèy se you piblik ke CARIMI achte lajan kontan. Nap mande kikote kap gen ase plas pou resevwa gwoup sa ke sanble gen poul vini chak lane nan sid peyi lafrans lan.
CARIMI se youn nan gwoup ki reprezante lespwa mizik aysyenn lan. Yo kanpe sou konpetans ak serye. E nou swete ke yo ta ka fè you karyè menm jan ak Tabou Combo ou Skah Sha.

Aucun commentaire: