Google

samedi 17 novembre 2007

PA TOUCHE KONSTITISYON AN KONSA

Bouche nen nou pou nou bwè dlo santi-a !
Menm si labib fè nou konnen ke si bra goch nou taka sèvi ko-m obstak malè pandye ki ta ka anpeche nou rive nan wayo-m syèl la se pou nou koupe ponyèt-la, nou paka kouri kraze brize sa nou genyen.
Se vre ke gen de fwa li pi fasil kraze you vye kay kip a byen kanpe pou nou konstwi youn ki tou nèf, paske li ta ka vre ke depans ak travay ki pou fèt pou ranje ak modènize kay la kapab koute plis kob pase konstwi you lot tou nèf.
Men lè ou deside ke se kraze pou kraze kay la se pou analize pou wè kisa ki ka sove kisa ki ka sévi nan monte kay tou nèf la. Se pou enjenyè ak kontremet fè letid pou yo wè eske fondasyon an bon eske gen baton fè blok ak lot bagay ki ta ka sèvi.
Sitou se pa paske you grenn nan moun kap viv nan kay-la di ke kay la mal kanpe se tout swit pou rete bouldozè vin kraze kay la sitou si kay la pa pou ou menm selman.
Prezidan Preval sèmante sèt fwa li di ke se pou li chanje kontitisyon peyi ya anvan ke li kite pouvwa-a.
Li pran preteks ke konstitisyon an se sous ensekirite. Li mande brase lide sou sa.
Li menm di ke li ta renmen ekspè etranje bay dizon yo sou zafè konstitisyon an.
Li menm di ke fok tout ayisyen ki te jire pou drapo lot peyi reprann dwa sivil ak politik yo.
Li menm sèmante ke se poul regle zafè doub nasyonalité a anvan ke li kite fotèy prezidansyel la.
Ak you pakèt lot pawol ankor.
Mezanmi, kozman mande chita :
Ki mache prese ki pran Prezidan an ki fè ke li vle mete jounen jodi-a batwèl pou kraze konnkès konstitisyon an ?

Kisa ki fè ke konstitisyon an se sous ensekirite ?
Ki sa etranje de bwa balanse ap vinn foure dyol yo nan zafè manman la lwa, pi gwo dokiman ki pou di kijan peyi-a dwe mache ?
Kijan Preval pral fè pou li modifye anvan mandal la fini pou li entwodwi chanjman ou kreye you lot konstitisyon si li paf è dap piyanp ak todye kou sa ki ekri nan konstitisyon silaa ke li di ki pa bon an ?

Si Prezidan Preval vle montre ke li ta gen you ti kras bo-n fwa li ta dwe anvan ke li pale de sa ki pa bon nan konstitisyon an koumanse respekte e fè respekte li. Pa ta dwe gen okenn matador sipeb ki kanpe ap monte kolèt li tankou ke se li menm ki fè ak defè la lwa. Konstitisyon an di kijan pou yo fè pou fè ti pase men ladan ni ; kidonk ke yo aplike sa ki ekri andedan konstitisyon an. Zafè fè gwo ponyèt, pase pa lakou pou fè sa ki nan lide yo-a sa pap janm mache.
Si Preval pa respekte konstitisyon an ke se you lot li fè ou ke se saa li fè modifye pa gen moun kap janm respekte li.
Andedan peyi dayiti pèsonn pa janm respekte anyen ; pa gen moun ki konnen ki kote dwa pa yo fini ni ki kote devwa yo koumanse.
Preval ta dwe koumanse travay pou retabli lotorite leta. E lè nou pale de lotorite leta se pa mete ti jen gason konplekse ki ap rantre nan dommenn abitrè pou montre ke se yo ki lotorite. Lotorite leta se le ke gen strikti kap mache kote tout moun konen klèman ki yes ki pale pi yes ki reponn ; kote tout moun ap mache ès ès, dèyè you machin kap montre wout kote pou nou pase.
Tout ayisyen konprann ke jounen jodi-a se pa konstitisyon an ki sous enstabilite. Si Preval foure menl an gwo ponyèt nan konstitisyon an se you presedan lap kreye you jirispridans pou you konstitisyon pa janm pase plis tan ke you ravèt nan you poulaye.
An nou rete serye, sous enstabilite se mizè, grangou, volor , koripsyon, trafik dwog, tout bagay sa yo ki blayi tout kote nan leta e ke pa gen okenn lentansyon pou regle yo paske se pa de moun ki gen bra yo tranpe nan move zafè.
Sous ensekirité se prezans mazèt nan aparey leta kap pran poz maton yo pou foure bouch yo nan you seri de sijè ke yo pa konprann e ki depase ti sa ke yo rele entelijans poul kayèt lakay yo.
An navan Preval, chwal ou wa pran chimen kwochi !
Louvri je-w gade sa kap pase andedan peyi ya wa wè kisa ki vreman priyorite pou sasyete ya.

Aucun commentaire: