Google

lundi 16 septembre 2019

JOU POU JOU DAT POU DAT
UN 16 SEPTEMBRE DANS L'HISTOIRE D'HAÏTI...UN JOUR COMME AUJOURD'HUI
#MapFèGrèv
#MapFèGrèv kole kole ak tout sitwayen konsekan, jenn fanm ak jenn gason ki deside goumen kont tout moun ak tout sistèm ki vle fè yo tounen zannimo
#MapFèGrèv kole kole ak tout ayisyen angaje ki vle pran desten peyi yo nan men yo!
#MapFèGrèv kont tout move zanmi Ayiti yo kap fè dyesèlmevwa pandan yap obsève e aplodi kijan akolit yo atoufè, vòlò, koriptè, enkonpetan ap fè pitit peyi a tounen zannimo!
#MapFèGrèv kont administrasyon meriken ki, apre ke adminitrasyon Obama/Clinton rantre nan jwèt lakay e foure Michel Mateli nan fant janm pèp la tankou yon Maklouklou ki anpechel mache, yo kanpe dèyè you aktè you move komedi yo rele Jovnèl, yon enkonpetan, yon volè, yon prezidan bèbè, yon prezidan envizib...
#MapFèGrèv kont @JoseAntonioSola sitwayen peyi lespay ki se majò jon kap bay gouvènman Jovenel jarèt.
#MapFèGrèv kont pouvwa lejislatif la ki tabli you diktati andedan peyi a kote yo ranplase makout pa bandi kap toupizi pèp la...
#MapFèGrèv kont pouvwa jidisyè ki metel ajenou devan pouvwa lejislatif la pou kouvri tout zak koripsyon e kontinye aplodi enpinite
#MapFèGrèv kont gouvènman Fritz William Michel, yon premye minis ki koumanse apiye koripsyon ak enpinite anvan menm li rive sou pouvwa.
#MapFèGrèv kont Fritz william Michel ki gen dwèt long, ki gentan vòlò nan kès leta lè li te nan administrasyon peyi a
#MapFèGrèv Kont tout moun kap tolere ensekirite ki anpeche ayisyen viv kòm moun
#MapFèGrèv pou you lòt sistèm kote pou tout ayisyen alawonbadè jwenn manje, edikasyon, swen sante, sekirite sou tout teritwa nasyon an, travay elatriye
#MapFèGrèv Paske mwen renmen Ayiti menm jan ak yon moso manman...
#MapFèGrèv Paske Ayiti map gade jodia fèm mal nan tout zantray mwen !
Dr Jonas Jolivert
Marseille