Google

dimanche 7 août 2016

CHIMEN TI BOUTON…CHIMEN MALING

Li difisil pou leve you maten pou pa jwen you bagay pou di sou Ayiti. Chak maten depim leve mwen kouri pran nouvel poum konnen ki kote gen moun ki mouri. Eske se aksidan ? Eske se atanta ? Eske se you moun fou ki rantre nan you kote moun rasanble vide moun atè ak zam fanfwa ?
Pi souvan gen you pawol sou Ayiti ki fè tout plim sou dom leve e bagay saa telman dominem ke mwen paka pa dechaje konsyans mwen pandan ke map ekri refleksyon sa yo.
Ampli fwa nou tande moun ap repete ke Ayiti se you peyi kote tout bagay dwe fèt paske anyen poko fèt ladann.
Gen menm etranje ki pa tranble pou yo di ke peyi-a a vyèj. Nan sans saa, gen moun ki soti nan lot peyi ki te vinn swadizan bannou kout men apre goudou 12 janvye lane 2010 ki tou rete paske yo jwenn okazyon pou yo viv miyò ke lakay pa yo epi yo tou rete.
Mòd kooperan sa yo analize tout sa ki pap mache byen lakay pou yo itilize fay sa yo pou fè lajan. Mwen gen kek ekzanp men mwen pito kite sijè saa pou you lot fwa.
Sa ki enteresem nan moman saa se rekonèt ke menm jan yo di saa nan lang blan franse, « en Haïti , tout reste à faire » map mande tèt mwen kisa ki anpeche nou fè you seri de ti bagay byen senp ki ta ka montre ke gen moun ki soti pou yo travay vre san entere pèsonèl pa yo.
Mwen pap pale de moun ou tande ki fè you fondayon kap potekole ak kèk moun pou pita ou tande yo bezwen majistra, depite, senatè oubyen prezidan. Map pale de moun ki vle regle you pwoblem lan katye yo, nan kominote yo, nan depatman yo oubyen kareman nan peyi yo.
Laprev se ke siw mande dènye moun ki te sou pouvwa oubyen nan administrasyon peyi saa pou yo montrew kisa yo te fè pou fè Peyi-a avanse, yo gen pou yo rete bèbè. Saa gen pou diw li te konstwi ayewopor entènasyonal la oubyen baraj pelig , you lot gen poul diw li konstwi wout ak lekol e latriye men lew gade tan yo fè sou pouvwa, lew konte konbyen lajan ki depanse , lew fè you ralemennenvini sou richès pèsonèl ke yo ramase tout moun ap dakò pou yo di ke tout moun sa yo pa fè anyen vre .
Poutan gen you seri de pwoblem senp ki koze anpil depans ak anpil dega nan fonksyonman sosyete a ki sanble fasil pou rezoud men pèsonn pa fè anyen paske se pa priyorite pa yo. Bagay sa se you chimen tibouton ki vinn tounnen maling. E si anyen pa fèt pou geri maling lan li gen poul tounnen java e java saa ka touye sosyete a net.
Avan yo mwen tap li you atik kitap denonse ke yo vòlò tout pano solè ak batri ki bay ayewopor Cap Haïtien an elektrisite. Laprès pale sou sa tankou you fè divè. Moun babye pandan kek jou epi anyen pa fèt .ayewopor saa ke peyi venezyela fè Ayiti kado a ki, sanl poko fini gentan gen you paket gwo pwoblem konstrikyon gen poul disparèt moso pa moso.
Fonksyonè kap travay andedan batiman saa ki telman enpotan pou rejyon an gentan konnen ki moso yap pran. Kouvèti twalèt, pat, fenèt elatriye tout gen pou disparèt. Moun okap pap di anyen. Majistra okap pap di anyen, senatè depatman ne pap di anyen. Kite mele bounda prezidan ak bagay konsa ?
Nan atitid lese grennen nan konpotman manfouben nou paka kanpe sou tisa nou genyen déjà pou nou fè plis.
Sinon nou Kite sa nou genyen yo ale e nou sètoblije ap mande pou nou rekomanse toutan.
Jounen jodian lew pran you pwoblem tankou dlo kap anvyi anpil vil nan peyi-a nou gendwa di ke se you pwoblem ki pa gen solisyon paske bagay yo vinn twò grav. Se you makonn ak you pakèt ti pwoblem ki mete yo ansanm ki vinn tounnen you maswife pou Peyi-a. Sistem drenaj ak kanalizasyon pa efikaz kote yo ekziste paske moun jete fatra nan lari, kote ki te gen twou rego lontan moun vòlò Kouvèti an feray egou yo epi yal vann li.
Ayisyen vinn tounnen maton nan zafè vol you bagay dans epi apre ya deside kisa pou yo fè avel . Nan sans saa gen you sikwi ki ap demantibile Peyi-a, ap koze gwo nwizans ak tout sosyete a pandan ke kek moun ap fè degoud ki pap menm pèmèt yo achte you chen janbe pou twonpe grangou nan vant yo pou you jounen.
Lotre jou gen you pon ki te tonbe paske moun te vòlè boulon ki te mare pon saa. Mwen pa kwe ke gen you lot peyi sou latè kote you moun ka wè you seri de bagay konsa.
Anfrans gen you mafya kap volè kab ki genle gen plon ladan yo. Men moun sa yo fè bagay yo an kachèt yo veye lè pou yo fèl.
Gen you lè mwen te kay you zanmim Thomassin, gran jounen gen you neg ki monte devan jem sou you poto ekektrik epi li koupe gwo fil kouran yo epi lap rale fil yo fè you makonn. Lèm konprann sa misye tap fè a mal poze misye kesyon. Mwen te al pale ak misye paske se pase mtap pase. Neg la pa tap jwenn mwen poum ta touyem lèl ta rankontre ak mwen .
Misye dim : Met la se lavi map chèche.
Mwen di misye sil pa pè poul pran nan kouran .
Li dim ke nan katye a EDH preske pa janm bay kouran . Tout moun zòn nan se en vite ke yo genyen kidonk fil kouran yo pa itil anyen. Anplis li dim si yo aretel yap lagel touswit paske manke plas nan prizon pou moun kap touye moun. Se pa limenm yo ta kenbe pou you tifil kouran.
Moun ap vòlè you paket bagay konsa ke nou pa menm ka imajine ki sa yo itil you lot moun. Palefèt ke pèsonn pa di anyen sa vinn rantre nan konpòtman moun lan sanl pa reflechi sou dega sa pwovoke sou you sosyete.
Leta oblije fè you jan pou mete you fren nan bagay sa yo. You moun ki ap vann fil kouran nan lari-a dwe kapab montre kotel jwenn li. Si paka montre sa li an kontravansyon ak la lwa. Moun kap vann boulon dwe pwouve kotel jwenn boulon yo. Sinon la lwa dwe anafè avek.
Magazen kap vann pano solè dwe montre kotel jwenn yo. You moun kap enstale pano solè lakay li dwe gen you kontwol sou kote pano solè saa soti pouka dekouraje moun ka vòlò bagay sa yo .
Swa Lapolis, oubyen meri yo, yo bezwen gen you seri de polisye ki tap nan you depatman ki ta reprezante you « Brigade des mœurs » ki pou tap jere enfraksyon sa yo paske se vil yo ki subi anpil dega ak ti vol sa yo .
Bagay leta se pa bagay ki pa gen mèt m’en se bagay ke leta mete a la dispozisyon de tout moun.
Mwen sonje ke kek tan apre linogirasyon wout Jacmel la tout ti panno ki te konn klere selman lé you limyè machin te pase pre yo, tout te disparèt. Jiska prezan mwen poko janm konnen kisa moun ki te vòlè yo a kisa te fè ak yo .
Pou depite ak senatè onorab kap domi nan mitan seyans yo paske yo pa gen anyen pou yo fè, men you poul mwen ba nou sou you pwojè lwa ki ka koumanse mete bagay yo nan plas yo .
Nou nan nivo zewo bare nan anpil bagay. Men nou ka desann pi ba toujou. An nou kenbe sa nou genyen yo pou nou ka remonte. Majistra delma koumanse ap reflechi sou listwa machann ki pran lari a.
Majistra okay la aktif anpil nan chanje figi vil la An nou tout nou sipote efò fonksyonè sa yo ki vle fè bagay yo mache you lot jan pou ti bouton an pa tounen you gwo maling.
Dr Jonas Jolivert