Google

vendredi 6 juin 2008

PAPA PITI-T, METE GRENN NAN BOUDA-W, MANMAN PITI-T MARE VAN-T NOU…

Aprè koken-n chen-n demonstrasyon ke sosyete sivil la bay pou li di ke li pa kapab kenbe ankò, kòm dabitid lotorite peyi dayiti fè kò-m si se a bouda yo ke yap pale. Prezidan Preval pa di anyen. Minis tèt chat ka regle zafè kourant y opa di anyen. Direktè lapolis la fè you ti dife volan ak pawol kote li akize jij kap vann jistis, komisè toupisant matadò sipèb, Mèt Klodi gasan babye kont lotorité lapolis yo. Palemantè vle jwe tankou abit pou bay katon wouj voye rele chef lapolis la ak lot zotobre ankò pou vi-n di de ki prevyen. Direktè lapolis fè ondonmon li di li pa pral chita bay eksplikasyon a pèson-n.
Menm nan mitan palemantè yo gen plizyè vwa kap leve pou fè konnen ke he depite tout pisan devan letènèl y opa gen manda konstitisyonel pou voye chechè che lapolis la.
Se sitiyasyon saa ke popilasyon jwenn nan salon lakay-li lè li tounen lakay li apre ke li te fi-n sot rele anmwe devan malè nasyonal, devan palè jistis, devan komisarya polis potoprens…
Popilasyon-an rele anmwe men pa gen pèsonn ki tande yo. Menm blan ak neg ki nan ministah y opa jwenn anyen de rasiran pou yo ta di popilas kap mande sekou pou yo ka viv menm jan ak tout moun. Minista ki ap arete komisè lapolis, jan yo vle ; ministah ki di ke ayiti pa bezwen lame, minstah di li fache kont kidnapping men li pa di kisa lipral fè pou simaye you poud kanpe lwen na zago malandren ki vi-n simaye laperez andedan fanmi peyi dayiti yo.
Non selman neg ki la pou bay sekirite yo depi chef leta peyi jiska ti polisye bouda chire –yo, tout moun depase pa you evenman ke yo pa kapab jere.
NOu pa bezwen chita ap fè analiz toujou pou nou konnen kijan bagay saa fè rive kote li ye la. Tout moun konnen deja. Kidnapè yo se denyè responsab nan sitriyasyon saa. Kidnapè yo tounen dennyè may nan chenn lan. Paske premye reskonsab yo se moun ki te al fè liy douvan biwo vot yo pou yo te vote Preval ko-m papa bonkè, you kandida a la prezidans ki pat gen okenn pwogram. Responsab yo tou se moun sa yo ki tal fè ayiti pase nan rizib lè you bann bouda chira tal lage kò yo nan pisi-n montana kote ke yo tap konte vòt yo.
Chak kadna gen kle pa-l. Ou te mèt pase tou la vi-w ap eseye louvri you kadna ak you kle ki pa pou lio u pap janm louvri kadna silaa. Ou te met eseye pase you milyon kle na twou kadna silaa, toutan ou poko jwen kl esa ki pou li-a ou pap janm ka louvri-l. Tout lot manèv, ou kapab fè tout se dilatwa ki pap janm mennnen-w okenn kote.
Nan you peyi serye, nan you peyi kote moun respekte lot ; apre gwo manifestasyon saa tout lotorite peyi-a te dwe reyini ansanm pou yo bati you estrateji pou fè dap piyanp sou tout malfektè. Prezidan peyi a te dwe pran responsabilite saa sou do li paske se premye moun ki te sémante pou pwoteje sosyete-a.
Olye de sa, nou pral asiste ak you konfli ant moun ki ta dwe regle bagay la. Kote youn pral rale chiyon lot, youn pral tire toya dèyè lot. Tout fondalmatal yo pran nan lari.
Pandan setan kisa nou pans eke kidnapè pral fè. Lipa ase pou nou sonje listwa Natasha, ni soufrans fanmi ti Kareem. Kidnapè ap fete, kidnapè ap chante. KIdnapè fè gol a men. Lotorite ayiti yo ki a p abite match foutbol aksepte ak valide gol là.
Abit yo fè koken. Abit yon an pas pouki.
Piti ak fanmi tout lotorite, tout depitè ak senate, tout minis kache nana peyi etranje. Piti-yo ak madanm yo sendomeng, genyen ladan yo ki nan lakou miami, lot yo sou flatbouch nouyok.
Se yo selman kap mache nan lari potoprens, geneyen ladan yo ki nan gwo konfyolo ak kidnapè yo. Gen lòt ki konnen kote yo rete. Kidonk yo kè pòpòz. Ki mele bondye nan grangou chyen?
Si sosyete-a ap swiv bagay yo byen, ya remake ke nan batay silaa yo lage pou kont yo. Se yo menm ki pou demel gyèt yo pou yo pwoteje zantray yo.
Aprè koukouwouj kont kidnaping se pou yo deklare koukouwouj pou kont kidnapè. Se you lwa natirel ki rele lejiti-m defans. BA-YO –SA-YO-ME-RI-TE!
Nan moman saa se de bagy se swa manman piti-t mare vant yo ou byen ke papa piti-t mete gran nan bouda-l!

Aucun commentaire: