Google

jeudi 20 décembre 2007

DISKOU ANSYEN MON PE PREZIDAN JEAN BERTRAND ARISTIDE DEPI PEYI LAFRIK DISID

"Si Lovenski Pierre Antoine te ka pale, li ta di :Frè m, poko di m Bòn Ane, tann mwen retounen.
Si Lovenski Pierre Antoine te ka pale, li ta di :Ane 2007 la ale, li ale nèt, li pap tounen ankò.
Eske sa vle di m prale tankou ane 2007 la ?Si Lovenski Pierre Antoine te lib pou kouri, Ala kouri li ta kouri pou retounen vit e prese !M sèten, li tap gentan rive anvan ane 2008 la.E lè sa a, tout viktim, paran ak zanmi viktim Tap fè youn sèl vwa pou nou youn swete lòt :Bòn Ane 2008 ! Bòn Ane 2008 !
Si Lovenski, Lovenski, Lovenski…"
Pandan Bènadèt tap resite ti pwezi sa a nan memwa l,Li santi yon boul san k ap monte nan gòj li; l anvi toufe. Li bloke sou dènye si Lovenski a… Tèt li kòmanse vire.Tout fron l, figi l, tou de pla men l, benyen tranp ak swè.Ou ta di se mouye pitit la gentan mouye tranp nan lapli.Sa rive pandan li te Site Solèy, tou pre legliz Imakile a.Move kout san sa a ak soukous kòlè a tèlman fatige l,Tèt li kòmanse vire, li tonbe pip, devan baryè legliz la.

Bènadèt endispoze. Li blayi fas ba san konesans atè a. La pou la, moun vide sou pitit la ki kouche nan lari a. Sikilasyon bloke. Moun ap kriye, moun ap vide pi rèd. Malgre yo fè Bènadèt respire alkòl, fwote anba pye l, Vide dlo sou tèt li, Bènadèt toujou rete san konesans.
Kòm lopital Sent Katrin pat twò lwen legliz Imakile a,Yo leve l, pote l, kouri dirèk dirèk avè l nan lopital la.Pou sèten moun ki te la, sanble li fè yon kriz kadyak.Kèk lòt panse petèt, li dwe soufri maladi malkadi.Konsa tou genyen ki di sandout se ka fèblès ki fè sa.Feblès se gwo maladi, wi ! Sitou anba lavi chè sa a !Gen de feblès, lè li pran pou seche w,Gade, ya di se lougawou k ap manje w.Alòske lè w gade byen, vrè lougawou a, Li la, se manzè feblès la li menm menm.
Lontan depi yon moun ap depafini sou pye, Yo te konn di se mò yo voye sou moun nan.Kounye a, se grangou a menm ki tounen mò Pou souse moun, fò w mèg jis ou tounen taso.Lè konsa, si w pa jwenn yon zanmi pou kore w,Ou ka tonbe tou long menm janm ak pitit sa a.Mezanmi, gade jan Bènadèt blayi atè a !Li gen 20 tan, men Bènadèt sanble ak Yon demwazèl ki pote laj li anba pye l. Ane sa a, l ap fè filo nan lise Tousen Louvèti. Souvan li sot Site Solèy al jis nan lise a apye.Depi 12 out 2007, li pèdi ni woulib machin,Ni bon jan konsèy Lovenski te abitye ba li.Tankou yon gran frè, Lovenski te konn ede l Met tèt ansanm ak anpil lòt elèv lise Tousen.Se konsa, apre gwo refleksyon, yo rive fòme Yon Oganizasyon djanm ki rele Mèm Amou.
Tousen Louvèti te renmen Pèp Ayisyen anpil.Malgre trayizon 1802 a, Tousen Louvèti te rive Manifeste Mèm Amou an anndedan prizon an. Bon tan, move tan, se te toujou Mèm Amou ! Kote lespri Tousen Louvèti a ap manisfeste,Bon tan, move tan, fòk se toujou Mèm Amou ! Konsa, kou nouvèl endispozyon sa a gaye nan Site a, Brid sou kou, kanmarad yo plonje dirèk nan lopital la. Emosyon. Kè sote. Tèt chaje. Pwoblèm sou pwoblèm. Anpil doulè pou fini yon ane ki te tchak pase tchaka !Anpil sispenn pou kòmanse yon ane tou nouvo, tou nèf !
Anba yon flanm solèy midi ki cho pase dife, Yon delegasyon Oganizasyon Mèm Amou Debake lopital la prese prese e nan mitan yo Genyen yon gran frè ak yon gran sè Bènadèt.Se pa ti boulvèse yo boulvèse ! Sè a rele Jina. Se li menm ki jwe wòl poto mitan nan kay la Paske papa yo mouri e manman yo aletranje.
Jina tap etidye medsin men li kanpe depi lontan. Li menm tou, li se yon bon bon zanmi Lovenski. Depi 12 Out, l ap monte desann chèche l toupatou. Anplis tèt chaje sa a, li gen yon lòt gwo pwòblèm :Rèv Jina se vin yon bon doktè pou ede Site Solèy. Malerezman, li poko janm ka retounen lekòl akoz Kidnapig presidansyèl ki te fèt 29 Fevriye 2004 la.
Jou sa a, nouvo kolon yo te sezi Inivèsite Taba a,Transfòme l an kazèn pou kraze brize inosan.Jiskaprezan, Inivèsite a toujou kontinye ap senyen Anba ni krim koudeta a ni kout ponya trayizon. Kòm Jina se yon demwazèl ki toujou djanm, Li pa kite dekourajnman pote l ale. Okontrè ! Batri moral li chaje ni pou li, ni pou zanmi l. Nan lopital la, jou sa a, yo tonbe sou yon bon mis.Yon mis ki renmen moun Site Solèy anpil anpil. Li rele mis Dada ; se li ki te resevwa Bènadèt. Mis Dada bay garanti malad la pa andanje de mò.Sepandan, li toujou andòmi, kagou; li nan sewòm.Avèk anpil emosyon nan vwa l, Jina, gran sè a, di li :Mis Dada, sil vou plè, pèmèt nou wè l, tanpri tanpri !Tankou yon bon manman, mis Dada di : Ok ! Men…Nou tout pap ka rantre yon sèl kou non ! Pasyans…..Ekzakteman nan moman mis la ap rantre Nan sal ijans la ak Jina, bal fizi, ak wouzi Kòmanse chante tou pre, tou pre lopital la.Moun pantan men pèson pa kouri paske Depi 2004, plizyè miray lopital Sent Katrin Te chaje ak twou bal, gwo kalib kòm piti…
An jeneral, lè cha blende sèkle Site a Tankou yon gwo kan konsantrasyon,Ti bebe kòm gran moun inosan konn Mouri anba bal anndan pwòp kay yo.Zotobre gwo chabrak fè antere anpil inosan,Men yo pa ka fè antere verite a pou tout tan.
Apre disparisyon 6 milyon Jwif akoz Hitler,Jodia Ayiti ap peye pou sa l pa fè, akoz Lisifè. Bon, ou wè ! Koute ! Men sa m ap di a ! Koute kijan menm nan finisman ane a, Zam fann fwa pa sispann chante libera Nan zòrèy malad, enfimyè kòm doktè.Vè de zè aprè midi, gen yon konken rafal katouch Gwo kalib zam fann fwa ki tèlman souke lopital laTankou yon siklòn, soukous la tou reveye Bènadèt.Ouf ! Soulajman ! Bènadèt vivan ! Rafal la reveye l. Donk, yon mal pou ou byen. Zyel louvri gras a Dye !
Pandan gran sè a ap karese li, mande l kijan li santi l,Ti zye Bènadèt rekòmanse fèmen dousman, dousman San l pa janm reyisi di yon mo konsolasyon ak pèson.Touswit, doktè Love ki se yon espesyalis, vi n parèt. Ak anpil koutwazi, li envite mis Dada akonpaye jèn yo Nan yon bèl sal ki tou pre biwo li a paske deyò a myèl. Apre dòk la fin konsilte Bènadèt, li mande pale ak yon paran. Gran sè a, Jina, evidamman prezante l pou pale ak doktè a.Oui ! Bienvenue, mademoiselle ! Ça va beaucoup mieux !Je vois bien qu’elle n’est pas votre fille. Alors, dites-moi !Oui, docteur, vous avez bien raison, elle est ma p’te sœur.
Brip! Yon lòt gwo rafal bal rekòmanse chante libera! Dòk la move. Se yon etranje. Li vin wouj kou tomat.Si w pike l, ou pap jwenn yon gout san. Li di tou ba :Quel concert pour ceux qui ne réclament que Justice!
- Et vous, mademoiselle, sans doute, vous avez peur ?
- Non, docteur, j’ai plutôt peur pour ma sœur.
-Non, mademoiselle, rassurez-vous, ça ira bien.Il s’agit simplement de cultiver la patience.Vos parents, où sont-ils ? Puis-je leur parler ?
- Malheureusement, docteur, ils ne pourront pas venir : Papa est mort, hélas, et notre maman est à l’étranger.S’il y a des médicaments à acheter, je suis prête……
- Non, mademoiselle, il ne faut pas sortir maintenant. Heureusement, nous avons le nécessaire à l’hôpital.Pour le moment, votre sœur a surtout besoin de repos.Pour nous, ‘‘ Optimum medicamentum quies est.’’ C'est-à-dire, ‘‘ Le meilleur médicament est le repos.’’Ça peut durer plusieurs heures, vous comprenez ? Entre temps, vous pouvez rejoindre vos amis, à côté, Et au moment opportun, je vous ferai signe, d’accord ?
- Oui, docteur !
Jina annik kite biwo doktè a, zam marye pi rèd deyò a.Kanta pou kaotchou kap boule, se toupatou nan Site a. Ata sant gaz lakrimojèn rive fofile jis anba nen lopital la. Deyò a an denmon: anwo pa monte, anba pa dessann. Doktè, enfimyè, malad kòm paran bloke la nan lopital la. Ane 2007 la ap di babay, men nan Site a, Nan katye popilè kòm nan tout pwovens, Pa gen gwo fèt ki fèt pou di Bòn Fèt. Se nòmal paske pandan ane 2007 la ap fini, Malere yo menm ap depafini anba malfini. Lontan sou Gouvènman Lavalas, Avan kidnapig 29 fevriye 2004 la,Chen janbe te koute 3 ou 4 dola. Kounye a, chen janbe 4 fwa pi chè. Avan kidnapig 29 fevriye 2004 la,Pèsonn pat bezwen gwo 15 goud Pou achte sèlman yon ti bann apye. Kounye a, se 2 men nan machwè ! Menm pou achte yon ti pate kòde, Trip malere ak malèrèz sanlè kòde Si l pa kapab peye ant 9 a 10 goud. Lè w fin manje, se nòmal pou ou swaf !Ebyen, ou oblije degaje w jwenn 4 dola Pou ou ka reyisi bwè yon gran manjè.
Depi izin siman d Ayiti ak minotri fin Konvèti nan relijyon privatizasyon an,Pri siman ak farin ap file monte, monte Monte pou depase tèt katedral pòtoprens.Si moun serye nan vrè sektè prive Ayisyen an Pa met ansanm ak moun ki serye anndan Leta a Pou fè bon patenarya san koripsyon, san magouy,Siklòn lavichè a fenk kòmanse miltipliye viktim.
Donk, pap gen ni lapè nan tèt ni lapè nan vant. Dayè kijan pou Pèp Ayisyen gen lapè nan tèt Lè zam fann fwa sa yo ap gwonde san rete Nan zòrey kretyen vivan? In ! Koute ! Koute! Pandan Site Solèy ap tranble anba kout zam,Doktè a resevwa yon kout fil ki di l pa bouje,Lè sitiyasyon an kalme, sekirite a pase chèche l. Mezanmi, nou pa bezyen mande jan dòk la kontrarye !Erezman, nan moman sa yo, li renmen pwofite fè lekti.
Depi kèk semèn, dòk la gen sou biwo l yon bon bon liv Ki fenk parèt sou Ayiti, sou kidnapig 29 fevriye 2004 la.Anpatan, tit kokenn liv sa a limen yon gwo limyè souAyiti ki toujou nan koma e sou kidnapig yon Prezidan.Moun ki ekri liv sa a rele Randall Robenson.Se yon Ameriken, yon potorik gason ki save, E ki fò anpil nan ekri liv pou defann dwa moun. Lè l kòmanse simaye verite a, li pa pè pèpap. Li deja ekri plizyè lòt gwo liv k ap klere je moun. Kanta pou denyè liv sa a ki fenk parèt sou Ayiti a,Se sa nèt ! Toupatou, se chapo ba ! Onè Respè !Se pou sa menm, dòk la toujou gen liv la avè l. Malgre li fache paske li poko ka deplase,Kou l rekomanse li liv Randall la, gade non, M sye jyenn ni sewòm, ni vitamin gratis ti cheri.Tèmomèt moral dòk la tèlman monte wo, wo,Li ranje blouz blanch li sou do l chèlbèreman,Li ranje kokenn liv li anba bra l bwòdèreman,E li di : Bon ! M anfòm ! M konn sa m pra l fè ! Ban m pwofite fwote kèk lide ak jèn Site Solèy !Wi, ban m pwofite fè yon bon jan koze ak jèn yo.Ya ede m konpare analiz pa yo ak sa k nan liv la !Menm kote a, li di mis Dada : vide frijidè a,Pote yon bon kolasyon pou Jina ak lòt jèn yo.Nou pral eseye fè radyografi sitiyasyon an.
(A suivre)...

Aucun commentaire: