Google

samedi 15 décembre 2007

YOU REPONS YO TE VOYE BAY ARISTID LANE PASE

Nou gen kek tan ke nou pa tande pale de Aristid ni de moun ki te konn ap klewonnen pa si pala ke se pou li te tounen andedan peyi-a. Gen menm kretyen vivan ki te di ke Preval ak Aristid se te kokot ak figawo e ke Prezidan Preval depi-l te fi-n monte sou pouvwa-a li ta pral travay pou koniflèt li vin pran ti chez la. Fok nou ka di tou ke se pa janm pawol sa ke Preval te konn di lè li te konn ap fè kanpay poul vi-n prezidan.
Men jounen jodi-a , menm jan nou ka wè ke pa gen lopozisyon politik andedan peyi dayiti nou ka wè ke men-m pati politik lavalas la genlè tounen ti dlo sal kap kouri nan rigol.
Se vre ke nou te tande pale de oganizasyon popilè yo men san anpil fosa p mande pou gouvenman an ta fè demach pou lagé mouche Lovensky Pyè Antwa-n nèg ki sanble te pran nan dap piyanp nan men atoufè sanzave kap kidnape moun andedan peyi ya.
Nan jou ki pral vini yo gen pou tande pale de lavalas paske pral gen eleksyon pou senatè e sitou paske yo fenk lagé mouche Réné Civil apre ke lapolis te mete men na pa-t kasav misye pou zafè alegasyon ak akizasyon volo machi-n.
Misye te lage paske genlè te gen vis de fom nan fomilasyon akizasyon ke yo te monte sou do misye. Se pa etonan paske Komisè tou pisan Claudy Gassant te di sa devan palman ak deven de grenn jè chef lapolis la koumandan Mario Andresol ; lè yo te soti pou akize misye ke li te lage kriminel, fanmi madanm li ki te nan prizon pou kidnapè.
Men kote yo pral tande pale sang rate tèt de Aristid se pral nan lokazyon fèt pou femen ak klotire lané-a. Ko- dabitid pral gen you mesaj ak pawol kwochi ak pawol tet anba ki gen pou blayi andedan peyi-a pou ka fè trip tout ayisyen branse andedan vant yo.
Se sa ki te pase lane dènyè ak mesaj bon ane ke sizo bonana te voye bay pèp ayisyen an. Nan lokazyon sila mwen sonje you repons fèt e founi ke Monica you fanm djanm ki te kon brase lide sou fowom moun.com lan (
http://www.moun.Com) te voyé bay misye ak tout moun ki ta pral file zepon yo pou vin simaye latwoubla nan peyi pa DESSALINES lan. Mesaj la te bel e li te fe anpil moun plezi.
Si ou pat li-l, si ou bliye kijan sa te pati men nou ekri-l pou wou nan ribrik ke nou rele kreyol pale kreyol konprann lan.

TEL LE-T TEL LA REPONS
Depi Lafrik Di sid wou kodace. Zorey nou klewonen. Kè’m tounen. Bonè-t mwen chavire. se maren-n mwen Sandri-n ki voye-m pale avè-w. Komisyon pa chay, pran ti chez ba’w.Ki van ki leve-w sou nich ou Titid ?
Lapawoli flan-m dife ki soti nan bouch ou fè nou kwe ke wou genyen poulpoul. Nou an desan-m nou panko nan karè-m. Wou se gate priyè, mouch a vè, sintetewomp. Dekwaze pye-w sou lestomak ayiti. Retire-w jerenoce. Fil arenyen vlope lespri-w. Mireille Durocher Bertin, Paste Sylvio Claude, Brignol Lindor, Jean Dominique satouyè-t lespri-w. Yo fe-w wè joudelan anvan nwèl. Wou telman bay pe lebrun, lafimen bouche je-w. Ou wè nwa lajounen kou lannwi-t. Nan pandye nan Pretoria lagou-m soti nan nen-w tankou poul ogey.Ou gen youn lamp etenel nan ke-w maten midi swa. Wou tounen komet kap file. Wou pran nan pwa grate. Mwen nonmen non-w mwen pa detounen-w. la mayotte wou-a pap pran. Nou konn sa ki nan bwat la. Wi sevre nou pa dwe manje manje bliye. Manje 91 la te gonfle nou. Manje 2001 yan bannou kakarel. Nou rann fiel nou. Abraham di setase.Nan Afrik Di sid ou kase lezo. Tranche lekzil mode-w zantray ou. Ou kriye ak tou-t tatawel bizawel ou yo: Operasyon pakatann ! Bèkèkè mannwel sete youn gross mol. Nan fè lakilbit, nan jwe mayamba, nan jwe pike kole ou se bakoulou. Ou telman fo wa fe twal. Sevre premye so pa so men dezyè-m so sa-a kase ren’w. Wou genlè panko komprann Titid. Frize kouvri-w. Ou tounen poul kayè-t. Ou gen lappipi. Ou tounen kok bendezwel. Mwen tande ou vle retounen nan gagè anko. Ou blye Titid, Ou se you plou-m. Ou bon pou chodyè. Amatè kok pap kare-w anko. Pye-w pa ka pran sapaton-n. Ou se kok pye kaka.Sispann rele zansè-t nou yo nan govi. Dessalines, Charlemagne Peralte, Benoit Batraville pete sou wou sept fwa swasan-t-disept fwa. Bonnanj ou pati. Tou-t rev chimè-w yo fi-n petevi-w. detounen-w. Atansyon Titid ! Ou genlè te wè zetwal file. Ou tounen rosiyol. Pawol san pye san tè-t, pawol degren-n goch, pawol depaman tombe kou gren-n lapli. Sispan-n fè intèpelasyon. Sispan-n jwe ak lombray ou. Sispan-n tire kont lajounen.
Laye lavalas paka tounen avyon. Bobi-n fil lavalas paka tounen machi-n. Jou bare’w Titid. Pwen yan gate li gate nè-t.Nou pap ka wè lakay Titid. Mwen voye youn po dlo dèyè-w. Ale lwen manje ranje.Ak tout kè-mMonica.
(Source Forum mou.com sur
http://www.moun.com)

Dizon pa-m!
Si nou se ayisyen natifnatal nou paka pa ri lè nap wè tou-t bèbèl lang kreyol la kap layite kôli nan repons sa ke Monica voye bay aristid la. Sa ki enteresan nan repons sila se ke monica itilize menm lang ke aristid itilize a tou.
Ak popilarite ke moun.com genyen destinatè misiv saa gen pou li jwenn li.
Mwen ta renmen konnen reyaksyon aristid lè lap li repons gwo ponyèt sa que monica voye ba li ya.
You gwo ayibobo pou monica

2 commentaires:

Anonyme a dit…

muy interesante. pero no he entendido nada.
bravo por el blog de todas formas.
abrazos

Anonyme a dit…

muy interesante. pero no he entendido nada.
bravo por el blog de todas formas.
abrazos