Google

samedi 15 décembre 2007

MEN BRASE LIDE SOU SANS AK MESAJ KACHE NAN MESAJ ANSYEN PREZIDAN JAN BETRAN ARISTID VOYE DEPI PEYI LAFRIKDISID

Bòn Ane 2007!
Sè m, Frè m, Se ak kè kontan Minouche avè m salye w, Pandan n ap depoze yon kouwòn rekonesans Sou memwa Papa Jan Jak Desalin, le Grand. 17 Oktòb la sot fè 200 zan Depi Papa Desalin tonbe Pou chak Premye Janvye Te louvri pòt Yon Bòn Ane Lakay, sou tè d Ayiti nou an. Nan lonbray desantyèm anivèsè sa a, Nou salye memwa tout lòt Ewo nou yo E nou abranse w fratènèlman Pou swete w: Bòn Ane 2007 !
Lè ti moun kou gran moun Gade nan miwa Premye Janvye, Yo renmen poudre ak plimo bòn ane. Se ak anpil afeksyon n anbrase Tout timoun pou swete yo chak : Yon Bòn Ane espesyal. Yon lavalas bon souwè ak amou fratènèl Pou ou ki lakay kòm nan 10e Depatman an ; Ou menm Pitit Peyizan k ap soufri nan Tout seksyon kominal kòm nan katye popilè Okap, Okay, Jeremi, Pòdepè, Fò Libète, Gonayiv, Ench, Jakmèl, Miragwan, Sen Mak, Tigwav, Site Solèy, Lasalin, Bèlè, Solino, Matisan, Gran Ravin, Kafou, Taba, Laplenn, Delma, Petyonvil, Kenskòf, kòm nan Pòtoprens. Pèmèt nou di 15.000 mèsi Pou bèl souwè 15 jiyè 2006 yo. Bèl woz solidarite nou resevwa yo Pa janm fannen nan jaden memwa n. Jan yon pwovèb nan lang Ebre a di : ןבא וב קורזת לא םימ ונממ תיתשש רוב An bon Kreyòl:
Moun pa dwe manje manje bliye. Rekonesans ak fidelite sa a, An verite, se yon istwa damou Ki egzije delivrans Manman Ayiti. Yon delivrans ki difisil, trè difisil, Men yon delivrans ki pa enposib.Se pou sa menm, fòk dabò gen limyè. Limyè entèlijans kòm limyè konsyans.Limyè moral pou l pa fè nwa Lajounen kou lannwit. Si l difisil pou lave kay tè, Li pi difisil toujou pou Lave kay tè nan blakawout. Kidonk, vide limyè delivrans sou Ayiti, Se refize Ayiti kontinye lave kay tè Nan blakawout koudeta. Depi premye koudeta 17 oktòb 1806 la, Konplo trayizon an te egzije pou Manman Ayiti lave kay tè a Ak pwòp san Papa Desalin. Konsekans : 200 zan apre, Pèp la toujou menote nan Mizè, grangou, chomay, apatay…Se pou sa menm nou deklare :Chak fwa yon gang patripòch Etenn lanp moral la, Fòk yon lavalas patriyòt Relimen l e rechaje l Ak bon jan gaz konsyans. An n ame konsyans, Nou pa ka fè kòm si n pa wè Kijan konplo trayizon an Menote Pèp la 2 bra, 2 pye Nan mizè apatay Depi dyab te kaporal. Si premye koudeta kont Papa Desalin nan Pote premye pri nan krim trayizon, Dènye koudeta 29 fevriye 2004 la Chanpyon ni nan krim trayizon, Ni nan krim kidnaping prezidansyèl. Jan nou tout konstate, Depi kidnapig 29 fevriye 2004 la Fi n limen sigarèt la nan 2 bout, Maladi kidnaping tounen yon epidemi. Tout moun soufri. Tout moun jwenn. Kòm soufrans youn nan nou Se soufrans nou tout, Tout patriyòt gen obligasyon moral Pou konbat e kidnapig e pwazon trayizon Ki toujou fè inosan peye pou koupab. Si anndan pa vann, deyò pa achte. Mwens trayizon egal mwens soufrans. Klòch moral sa a sonnen byen fò Nan Ladesalinyèn ou nan Im Nasyonal nou an ki di : “ Dans nos rangs point de traîtres…Nan mitann pa fèt pou gen trèt…”
Fidelite patriyotik akouche ero. Pwazon trayizon akouche zewo.Plis nou kole zòrey nou sou kè Fanmi Lavalas, Se plis nou tande 5 kout kannon fidelite sa yo :
1. Pèp Ayisyen pa limen lanp demokrasi ak alimèt trayizon.
2. Pèp Ayisyen pa jwe mab eleksyon pou zoklo trayizon.
3. Pèp Ayisyen pa manje manje bliye, Ale wè pou manje trayizon. Li fè matla pouvwa pou l pa dòmi atè.
4. Pèp Ayisyen pa janm met linèt trayizon pou anpeche l wè Bèf ki moulen kann nan se pa li k bwè siwo a.
5. Pèp Ayisyen di : Regle jis pa gate zanmi. Donk li fennk kare mobilize pasifikman pou :Retou imedya, Retou prizonye politk, Retou viktim nan travay yo, Retou lapè ak respè pou tout Pitit Peyi a.
Sè m, Frè m, Chapo ba pou ou ki vle tabli Lapè ak respè sa a pou Tout moun san distenksyon ! An 1806, san Desalin te koule Pou nou tout viv kòm sè ak frè, Egal ego, nan respè youn pou lòt. San nou se san Ayiti, Nou pa ka trayi san nou.Lè a rive pou ansanm ansanm Nou ekri yon nouvo chapit fidelite Nan Istwa d Ayiti nou an. Kite menòt mizè a tounen bijou Nan bra Ayiti pandan 200 zan, Se imoral e inakseptab. Kite kansè trayizon an Fè metastaz nan sèvèl wòwòt, Se imoral e inakseptab.
Direksyon moral sa a Nesesè e endispansab Pou ane 2007 la pa nwaye Nan blakawout dezespwa. Wi, direksyon moral sa a Nesesè e endispansab pou Debloke Peyi a, bloke mizè a ; Demare lajistis, mare kriminèl ; Demonote Ayiti, menote ensekirite a. Dayè, si pisans moral sa a Pat toujou gide mas Pèp la, Sa fè lontan tèt li tap pati San paspò, san viza, San tikè, san destinasyon. Kidonk, Li tap deja fou nan founo mizè. Nou tout konnen sak vid pa kanpe. Si Pèp la kanpe malgre vant li vid, Se paske tèt li pa vid. Yon lavalas ochan pou tout Patriyòt sa yo !
Yon bon Lavalas se yon bon Patriyòt.Lavalas se « L’union fait la force ». Fòs moral Ayiti chita nan Pèp Ayisyen li menm menm. Se pou sa, vle pa vle, sote ponpe, Fòk ane 2007 sa a pote yon demen miyò. Gen yon lavalas rezèv moral pou sa fèt. Pèp Ayisyen se rezèv moral Peyi d Ayiti. Si gen patisipasyon Pèp la nan pouvwa Pèp la, N ap debouche kanmenm sou delivrans Ayiti. Ayiti an pann, men Se li ki pa n. Pa n se pa n. Wi, se vre :Pa n se pa n. Se ladann pou n retounen Wè pa wè, n ap wè. Wè pa wè, n ap wè lakay. Se va yon bèl fèt lapè Ak lanmou fratènèl. Nan menm chalè renmen sa a, Minouche avè m anbrase nou tout E redi n nan lang Zansèt yo: Sizobonana ekhaya ! Sa vle di : Na wè lakay. Unyaka omucha omuhle ! Sa vle di : BON ANE !
Pretoria, Afrik di Sid
Desanm 2006

Aucun commentaire: