Google

lundi 13 août 2007

HAITI A L'HEURE DU MONDIAL U-17...Map kore-w pandan-w Corée !

Nou menm ayisyen natif natal nou pap envante fomil pou nou fè dlo bouyi, ni nou pap envanté kawos men nou toujou ap chaché sa ki bon kap pase nan lakou lakay pou nou ka montre longè fyète nou tankou ayisyen natif natal. Gen anpil ayisyen ki pa janm pèdi okazyon pou yo repete man jan potorik gason kanson yo rele Jacques Roumain ki te ekri nan you let voye bay you direkè you jounal « Je me vante d’être haïtien ».
Jounen jodi-a nou gen you boukan dife kap boule andedan tout zantray mwen ki fè-m santi you chalè ke mwen paka kenbe. Mwena vi rele anmwey…mwen anvi rele anmwey viv ayiti chéri.
Se toutan nap repete ke depi lendepandans papa nou te ban nou an pi gwo bagay ke nou te fe devan de grenn je le mond se patisipasyon nou nan koup dimond nan lane 1974 nan lakou peyi lalmay. Wi pou mwen menm ki se moun ki fèt nan lane 60 sa vle di mwen gen 47 rekot kafe sou tèt mwen. Nan lane 74 mwen te gen 14 zan.
Nan lepok saa nou te kon tresayi ak mizik toup pou yo ki te di « sa fè twazan nou manke bon, nan fè
pwolongasyon ane saa nan pwen plan ayiti pou devan, zip, pi-m bo-w manno sanon toup pou yo… » tout ko-m fè chè de poul lè you kwonikè ap dekri yo aksyon tompous ki drible 9 jwè. Se domaj ke jenerasyon ki te vi-n aprè yo pat viv gwo moman sa yo. Yo pat kapab kriye ak seleksyon nou an le onz jwè nou yo tap tande e chante la desalinyèn!!!
Maten an nan kanè spotif Radyo Karayib , vaval fè nou reviv moman sa yo. E mwen vle repete you lot fwa ankor:”Je me vante d’être haïtien”
Men jan ak tout popilas ayisyen nou tout nou mobilize deyè seleksyon U-17 nou ank i pral reprezante peyi nou an devan graten foutbol la. Nap tann joua rive pou nou monte sou japon, sous la Frans sou peyi nigeria.
Se you jenerasyon kap ki gen nan pla men li tout lespwa nasyon an.
Nou pral kanpe ki-n deyè ti mesye nou yo pou nou voye enèji pozitif selman pou yo ka fè you prestasyon ke nou pap janmen bliye !
Nap kore-w pandan ke-w Corée !

DrJJ130807

Aucun commentaire: