Google

mercredi 29 février 2012

MWEN AK DEMPKRASI SE DE

Demokrasi se, san grate tèt, youn nan pi bon rejim politik ke yo ka itilize pou dirije you sosyete, you peyi. Sistèm pi efikas si li aplike nan peyi ki gen you sèten kilti libète, nan you sosyete kote chak manm yo konnen ki sa ki rele dwa kisa ki rele devwa e kote moun kap dirije peyi-a konnen ke se you dyob yo bali pou fè peyi-a oubyen sosyete a vanse. Se pa you kle yo bali pou fè pale de li kom si wa pa kouzen-l prezidan pa bopèl. Ni se pa you kle yo kofrefo yo bali pou foure menl pran e plen poch li.

Demokrasi nan peyi pov, se you rans. Se you miraj li ye. Nan peyi pov kote moun ap bat dlo pou fè bè, aktivite politik se sel domen ki ka fèw monte nan sosyete –a. Ou jwenn bon Dyob. Yo mete-w kote ki gen brase. Epi si anplis de lamizè-a gen koripsyon ki admèt andedan sosyete sila-a kom you bagay ki nomal, le you neg rive nan politik, se nan tèt jwèt li ke li rive.
Se pou sa kif è ke nan peyi pov, le you neg rive sou pouvwa, li ranje kol Poul pa Janmen Nagel. Gen neg ki todye kou manman lwa peyi yo pou yo ka rete sou fotèy boure-a. Si nou vel you ekzanp al gade sa kap pase nana peyi Senegal jounen jodi-a.
Sa fè lontan ke map obsève zafè politik andedan peyi-a. Map gade konpotman pouvwa yo. Patikilyèman sa kap pase andedan palman ayisyen an. Mwen finn pa remake ke pi bon Doob, pi bon plas you moun ka jwenn se depite oubyen senatè. Yo peyew byen, ou gen tout jan de komodite, ou vwayaje al chita nan mitan you seri de moun ou pa menm konprann sa yap di le yap pale, siw te volè ak kriminel, kondisyon palmantè_w efase tout pou wou. Ou vinn otunen you moun enpotan. Yo relew diyitè.
Poutan, lotre jou you zanmim tap eksplike-m kijan Group yo ak pati politik yo cuasi kandida pou depite. Kondisyon nou ta kwè ke moun sa yo ta dwe ranpli yo se p asa menm. Gen you katalog you seri de lot kalite you neg dwe genyen.
Sak bon lè ou depite anayiti, se ke apre chak lejislati, pa janm gen moun ki mande ki bilan palmann genyen. Se kom si out a mete you timoun lekol epi li pa Jansen mennen you kanè lakay li. Sosyete pa nou an pa mande sa.
Konsa, mwen wè k epa le fèt ke palman nou an gen dwa pou li siveye sa ekzekitif la ap fè, yo pi maton na kreye kriz ke nan fè lwa ak ede ekzekitif la pou peyi ka vanse.
Konbyen jou gouvenan Preval la fè sans premye minis? Sak pi rèd la, ke gen premye minis ke pa gen premye minis se menm man pareyman. Pa gen anyen ki chanje. Gen moun ki pwofite di bagay y opa vanse paske kriz la bloke peyi-a. sa se sitou diskou zanmi ayiti yo. Men le pa gen kriz bagay yo sanble yo toujou bloke men nankondisyon saa « no dyol tou tok »
Epi, moun ki gen memwa dwe sonje e remake ke andedan palman saa, dosye ki louvri pa janm fèmen. Petèt sel dosye ki te fèmen se dosye ki te pèmèt radye senate-a ki te gen doub nasyonalite. Se anpil fwa nou tande leskonbrit ak eskandal sou you seri de dosye kote non senatè ak depite lonmen. Pep ayisyen pa janm konnen ki rezilta ankèt sa yo bay. Mwen pap site ekzanp paske tout konpatriyot yo sonje ka sa yo.
Pou tout rezon sa yo, mwen pa kwè nan demokrasi nan peyi pov. Anplis se pa nan peyi pov Selman ke demokrasi a banm pwoblem. Map swiv kanpay electoral nan peyi lafrans. Lè wap tande kandida yo ap pale se bagay ki pou fèw pèdi zandye-w. Sou chak sijè, chak neg yo bay verite pa yo epi yo di ke lot la se manti lap bay. Si ou pral vote eke ou pa fanatik yon nan kandida sa yo ou pa konnen pou ki moun pou vote.
Ou rekonèt you pye zaboka lèl donnen zaboka. Siw se maton ou konn kouman you pye zaboka monte ou ka di ke se you pye zaboka li ye. Men lew jwen bon zaboka ladann pou manje pa gen moun ki ka diw se you pye mango ki donnen zaboka.
Mwen menm sa fè lontan ke mwen chwazi poum kritike you gouvenman pa sou sa li di ni sou sa yap di de li sinon sou sa la fè. Mwen gen pwoblem ak pouvwa lejislatif la paske jiska prezan ; si pa zafè sansire ekzekitif la mwen gen lenpresyon ke y opa fè anyen.
Nan konjonkti peyi dayiti ye jodi-a, gen you seri de prensip ke tout moun oblije defann. Gen you seri de gabel ke nou pa dwe bay sou konba ki mennen deja. Men gen anpil pwoblem andedan sosyete a ki poko janmen regle ak mod gouvenman sa yo ke nou geneyen depi dik dantan.
Pou mwen you sistèm efikas sil bay bon rezilta. E nou konnen kijan de rezilta nou bezwen pou gason ak fanm ayisyen lakay!

Aucun commentaire: