Google

samedi 6 septembre 2008

KISA POU-N FE AK TI RES AYITI KI RETE-A

You lot fwa ankor men Ayiti ap bay lot vye espektak. Si anvan konn gen ayisyen kit e konn wont di ke se ayisyen yo ye, jounen jodi-a sa ap pi rèd. Se pa la wonte ankor ke pawol, denominasyon ayisyen saa pral enspire ankor. Sa fè lontan ke tout moun ap konsidere nou tankou chen e se pa kounouye ya sa pral chanje.
Si gen you sel kesyon ke moun serye dwe ap panes jodi-a se kisa yap fè ak ti sa ki rete andedan peyi-a?
Jounen jodi-a no rive ba vre e nou poko finn degrengole desann. Nou gen pou nou rive pi ba toujou.
Sa ki etnone-m seke mwen poko tande okenn vwa kap leve pou yo mande sekou. Mwen pap pale de sekou pou vi-n pote manje sinistre pou ap simaye bay moun kap mouri grangou. Sinon bon sekou kote you seri de moun tout bon vre taka mete you fren pou yo anpeche peyi-a disparèt.
Fok nou ka gen kouraj pou nou rekonèt ke nou echwe. Fok nou gen kouraj pou nou akseptè fè swisid kolektif la pou nou mande you lot seri de moun pra gesyon peyi-a.
Nou renmen e nou pito kache lonbrik pandan ke nap benyen toutouni.
Dènyèman lè lemond antye tap montre kote nap manje biswit labou, gen you seri de moun kif è wont yo ssèvi kolè pou yo montre pa a plis b ke manje labou se you bagay kir antre nan kouti-m peyi-a e ke se pa pou grangou ke nap manje labou.
Jounen jodi-a men nap benyen nan labou a.
Siklonn say o ki frappe ayiti a out a ka di ke se sou ayiti Selman li pase. Poutan Gustav, Fay, Hanna pase nan peyi sendomeng, yo pase kiba, men yo koze dega men yo pa kreye sitiyasyon panik animen saa. Poukisa?
Nou tout konnen byen pwop. Mwen pa p tornen nan vye analiz ke tou-t moun fè deja. Nou rive nan tobout nou.
Dènyèman gen you neg ki te vomi tou-t endiyasyon li lè you jounalis tap montre kouman nan kelke zè li te ka achte you ti ayisyen menm jan yo achte you ti kabrit ou you ti kochon. Lè saa nèg la te mande pou yo mete peyi nan men moun ki ka dirije li. Li te itilize you ekspresyon ki te tradwi you reyalite. Sa pat fè pale anpil paske se konsa bagay yo pase andedan ak andeyor peyi dayiti nan mitan kote ayisyen reyin. Misye te itilize “Nationalistes sans Nation” pou li pale de moun sa yo kap pran poz patriyot yo pandan ke yap souse ti sa ki rete andedan peyi a pou pwop benefis pa yo.
Tout ayisyen ap kouri dèyè ministah swadizan ke se you fos etranjè ki ap foule o pye diyite pep ayisyen. Ki diyite ator ? Map chachel mwen poko wè-l ! Men moun sa yo ki ta renmen defann peyi dayiti a swa yo gen alyenn kat lot kote, swa pitit yo ak madanm yo rete swa miami ou montreal ou de tout fason y opa rete anayiti ankor. Biznis yo se sendomeng yap fèl.
Mwen menm kote-m chita mwen santi-m wont lè map gade sa ayiti e ayisyen ap pase. Kelkeswa sitiyasyon ki ka fè sa chanje tout bon vre mwen dakor ak li. Men mwen pap dakor ak vye diskou politisyen mazora santi bouke non. Sinon map dakor lè-m wè rezilta.
Jodi-a se pa batay pou lapatri ki pou fèt se pou batay pou diyitè nou tankou moun. Pou nou sispann trete tèt nou tankou predatè sans konsyans…
Nan foto saa daprè pawol ki ekri anba li se, nan mitan labou-a se ayisyen ki an ran pou al pran manje ke yap bayo. Eske se te sel mwayen ki te genyen pou yo bay moun yo ti tchotcho a? Eske se pa derespekte sa yo rele kalite moun ke nou ta sipoze ye. Ki diferans ki tap genyen si se te kochon yo tap bay manje?

Aucun commentaire: