Google

mercredi 23 janvier 2008

AN NOU KONSOME PWODWI LAKAY, PWODWI NATIF NATAL

Dizon pa-m !
Se pa jodi-a map reflechi sou you seri de fason nou fè bagay yo lakay nou. Se vre ke mannyè yo fè pati egalego nan sa yo rele kilti nou an men gen youp il ladanyo ki sèvi you seri de antrav pou nou paske nou pa gen mwayen pou kenbe you seri de pwotokol.
Sijè ki atire atansyon mwen nan moso refleksyon sila se fason ke nou prepare manje ak nou manje lakay nou.
Tout moun ki vle kenbe definisyon sa yo rele kilti tout bon vre konnen ke li pa dwe fè okenn konparezon ant you kilti ak you lot. Paske chak manifestasyon kiltirel dwe analize e aksepte nan you konteks pwop a kote e listwa kote kilti saa pran rasi-n.
Nan zafè manje ak kizi-n, tout moun ta vle dakor pou yo di ke kizi-n peyi lafrans se pi bon kizi-n ki ganyen. Bon saa se sa yo di. Pou mwen menm mwen pa wè kijan you kizi-n ki pa gen ladan ni, ni doumbwèy, ni tchaka, ni lalo moun senmak ki kwit ak bon mozo viann fondanman ak diri blan, ni soup joumou, ni kremas, ni penpatat, taka rele tèt li “la meyè kuizin di mond”.
Bon nou pap pèdi tan rele fransè yo choven pou sa. Chak bourik brè nan patiraj yo. E ke chak chyen niche zafè yo jan yo kapab!
Nou menú ki chita nan lakou kay blan fransè, lè nou gade e nou wè kijan ke yap manje, nou ,jonstate e nou konvenk tèt nou ke moun sa yo takapab viv anyaiti pi byen ke nou menm ayisyen natif natal.
Li pa étonan pu ta ale kay youblan fransé ki ta envite-w manje pou ta gade pou wè ke apre ke yo ta sevi-w you salad ki pagen anpil bagay ni anpil engredyan ladan ni (kek moso tomat, kek fey leti) yo ta sevi-w you asyèt zepina bouyi, ak youn ou de grenn zé bouyi ou fri. Pou desè yo taka ba-w you ti vè let kaye ke yo rele YAOURT”.
Mezanmi, konbyen fotil de tan pou you manje konsa prepare? Konbyen you manje konsa ka kouté.
Bor lakay pa nou, nou ta setoblije ofri, si nou se moun ki nan afè pa bon, diri, sos pwa, ak viann. Men kijan preparasyon manje silaa tap pase:
Depi granm maten lè kizinyè yo leve premye sa pou li fè se mete pwa kreve nan you bon-m sou you recho dife ki fèt ak chabon. Ko-m pagen mamit a presión pwa saa gen pou bouyi minimum pandan twazè. E recho chabon saa dwe renouvle plizyè fwa.
Si viann ki gen pou kwit la se viann poul gen you seri de kay ki tranpe moso poul yo depi lavèy. Poupoul la ka pran bon gou sa vle di bon gou epis, piman ak pwav.
Lè pwa koumanse vle lage, kizinyez la mete poul la bouyi tou. Si se poul peyi,viann poul la pi di, lap pran dezoutwa zè pou li vi-n mou. Si se vye poul ogèy sang ou, moso poul ke yo debake nan gwo bwat katon nan peyi-a lap pran mwendetan.
De moman sa yo se moman ki pi long nan preparasyon manje a.
Aprè se you listwa fi-n fè sos poul la, fè sos pwa e kwit diri-a . Se tout maten an ki pase nan zafè prepare manje-a. Se pa de pil chabon ki pase tou.
Sak pi red là ayisyen an pap janmen aksepte achte you pwa ki dejà kwit deja swa nan bwat swa lakay vwazinn entel. You sitiyasyon ki tap fè fanmi an ekonomize tan lajan e pèmet ke yo itilize mwens chabon e koupe mwen pyebwa.

E nou konpare defason de nasyon sa yo manje nou ka konprann ke pou you fransé lap toujou pi fasil manje zepina ak ze ke you aysyen. Jan you moun manje pèmèt yo fè-w konnen si ou rich oubyenb si ou pov.
Lè-m te lekol, mwen pat janmen renmen ke zanmi-m yo konnen kil è ke se maymoulen ke yo te kwit lakay mwen.
Jodi-a lè mwen wè ou lè mwen panse ak you plat maymoulen bouch mwen plen dlo, kè-m bat for e menm si yo ta ofri-m dob o roti ak kavya se sou plat maymoulen ank e mwen tam plonje.
Se telman vre ke lotre jou mwen tap pale ak you zanmi-m pandank e mwen tap plenyen paske mwen te manke maymoulen, misye ale achte you sak bon mayi senmak, li pataje-li mete-l nan you paket ti sak plastik, li peye 100 dola vet pou mli voye-l ban mwen pa lapos. Mezanmi se pa de kontan-m kontan e bon zanmi saa te fèli paske li konnen ki makonn plezi li tap simaye nan lenn mwen ak you jes konsa (Mési anpil zanmi dilibon!, mounis konsekan!)
Jounen jodi-a, malsite ap fè pep ayisyen monte le syel pa do. Se you veritab ma swife pou tout moun chak jou bondye mete. Gen you povrete ke moun santi paske, menm lè ou auisre lesansyel pou fanmi-w, gen you seri de lot bagay ke ou paka bayo.
Byen souvan, nou konn tonbe sou you seri de asosyasyon kap fè you seri de aktivite pou yo ka voye timoun ki gen paran kip a gen kob al pase vakans nan bel ti kote.
Lakay pa nou mizè –a gen you koulè ki pi n wa ke sa. Gen you seri de fanmi ki leve maten lakay yo, yo poko konnen kisa yo pral manje nou jounen-an, men yo pa konnen ki lè yap manje ankor. Sa vle di se chak jou dondye mete moun lan oblije ap batay pou li ka pa mouri grangou ak pitit li yo.
Sitiyasyon saa ta ka pi fasil si ledikasyon nou resevwa lakay nou te montre nou kijan pou nou adpate nou a sa nou genyen lakay pan ou.
Lè-m te piti, lè-m te konn ale lakay granpapa-m nan lakou kanperen, mwen te toujou tande ke yap di ke la-m veritab, se sa yo konn bay kochon manje. Sa vle di ke kretyen vivan ki nonmal pa dwe mane la-m veritab. Men jounen jodi-a bagay yo chanje paske ayisyen menn tonbe nan manje « biskwit labou ».
Pandan ke nap fè piwèt pou nou jwenn lajan pou nou achte diri, poul ogèy, espageti , nou bliye yanm, mazoubel, malanga, labrapen, fey lalo, boujon pwa, lyann panyen berejen, militon ak you pil lot fri legi-m ak viv ke nou ta ka achte pou pibon mache.
Sa ki pi red la ankor mezanmi se le nap gade e nou wè nan bak youseri de ti machann ki louvri de janm yo disèt lajè sou twotwa nenpot lari kap vann « cornflakes » an detay.
Mezanmi depi kil è timoun anayiti se te ak konfleks yo te kon dejené ?
Kote bon mayi ak sos aransor, mayi ak joumou, maymoulen ak zepina etc…
Li ta bon pou ayisyen ta tande mesaj tankou mesaj prezidan preval ki sigjere pou noui itilize pwodwi lakay nou. Sa ki enpotan nan sa wap manje se pouvwa nitritif ke pwodwi yo genyen. Si nan you moso lam veritab gen plis vitamin, ak sik, ke nan twa pomdetè ayisyen pa dwe wont manje moso lam veritab la ki ta sipoze mwen chè ke pomdetè-a . E sa pap jan vle di ke ou pi pov pase sa.
Nou fèt pou nou tounen deyè sa yo rele lesansyel la sa ki vreman natif-natal la. Se sa ki ka remete nen nan figi nou ankor. Se sa ki gen pou ban ou fos pou nou bat chalbari, satan jerenos dèyè moun ki pran nou tankou pouble kote yo ka vide tout sot de fatra.
Zafè pye pou lak kou poul se mèt yo ki poumanje yo. Si yo santi ke zannimo tankou chyen ki devan pot yo two siperyè pou yo souse zo pye ak zo kou poul, yo paka pèdi zandye yo pou yo vinn vide yo lakay nou.
Gouvenman pa dwe bay dwa pou mod fatra sa yo rantre andedan peyi ya.
Gen you paket legi-m “sovaj” lakay nou ki gen san fwa plis pwotid ak proteyin ladan yo ke vye moso pye ak kou poul ke yo vle fè nou manje yo! Se konsa pounou koumanse leve eskanp figi nou ak eskan figi peyi pap Dessalines ak Toussaint an.
Ase mo jepe!

Aucun commentaire: