Google

jeudi 19 juillet 2007

Premye minis kanadyen an ap ann Ayiti vandredi

Ranfòsman relasyon Pòtoprens ak Ottawa, se objektif vizit Stephen Harper la
jeudi 19 juillet 2007,
Radio Kiskeya
Premye minis kanadyen an Stephen Harper ap rive Pòtoprens vandredi pou yon vizit ofisyèl kèk èdtan ki gen kòm objektif ranfòse relasyon Kanada ak Ayiti epi egzaminen sa ki reyalize deja kòm travay pandan dènye ane sa yo.
Dapre biwo kominikasyon Palè Nasyonal la, se Premye minis Jacques-Edouard Alexis ki pral resevwa mesye Harper nan ayopò entènasyonal Toussaint Louverture. Apre sa, chèf gouvèlman konsèvatè kanadyen an ap rann li nan Palè Nasyonal pou l al chita pale ak Prezidan René Préval.
Anvan li debake, Stephen Harper pale anpil jounen jedi a de sitiyasyon difisil Ayiti ak bourad li merite pandan yon vizit nan zile Barbade kote li rankontre Premye minis Owen Arthur.
Harper ap gen avèk li nan Pòtoprens, dènye etap vwayaj li a, yon gwo gwoup jounalis dapre anbasadè kanadyen an, Claude Boucher, ki kwè se ap yon okazyon pou yon pi bèl imaj Ayiti ale aletranje.
Vire won chèf gouvèlman kanadyen an nan rejyon an te kòmanse an Kolonbi anvan li te rapousuiv o Chili. spp/RK

http://www.radiokiskeya.com/spip.php?article3876

Aucun commentaire: